Kote W Te Ye-Wanito

Genre-Other
Year-2020
Featuring-Shishie
[Verse 1]
Son lanmou k senp yon lanmou k pa konplike
Se mwen t ap chache
Cheri mwen jwenn li nan ou
M tap chache on moun k ap aksepte mwen jan m ye
Chak jou li pap jije m
M vin kwaze ou
Nou manje menm manje nou pale tout koze
Ou pa gad kote m rete
Ou vin jwenn mwen menm si lapli tonbe
Ou konn tout vi prive m, pwoblèm kalamite m
Mwen pran tout deseptsyon anba je w la
Ou pa janmen lage m

[Hook]
Kote w te ye (2x)
Ou antre nan vi mwen twò ta cheri
Kote w te ye

[Verse 2]
Son lanmou dous k ap toujou fè kè m sikre
Se sa m te toujou reve
Konsa Bondye voye w sou wout mwen
Tout kou lavi a ban mwen ede m pare l
Pou lanmou sa m pat pare
Cheri w satisfè tout dezi mwen
Ou pa janm nan arimay
Ou pa janmè sou batay
Ou fè mwen dous, ou fè mwen dous
Ou fè m rele ayayay
Kenbe m pi fò Kenbe m pi fò
M renmen lè mwen ave w kole nou fon sèl
Kenbe m pi fò Kenbe m pi fò
Pa janm lage m

[Hook]

[Keyboard Solo]

Ou pa kite m mande
Ou pa kite m kriye
Ou toujou la lè pou w ban m love
Lè pou w ban m love la (2x)

[Hook]