Leta Laboujwazi Lepep-Manno Charlemagne

Genre-Other
[I]
Leta pa jan sèvi
Le pèp ki tou touni
Malere k ap peri
Sa k pa jwi la vi
Men leta byen plase
Pou l kraze brize lè l vle
Enterè pi piti
Pou fè la boujwazi plezi
Sa pa janm defini
Mwen vle di boujwazi
Pou tout moun ka sezi
Vrèman sa sa vle di
Tèlman gen vye debri
Rèv yo se al jwenn ni
Ka p fè tout konpromi
Menm rayi lafanmi pou li

[Refren]
Sou w vle revandike
Se ta tout dwa w paske ou eksplwate
Malerezman w an minorite
E la boujwazi gen leta pou l voye
Fè desant de lye
Pèp kanpe sou de pye
Desten w se lan men w pou l ye
Ouvè je w klè pou veye sanzave
Ke depi w tande l bezwen afè l regle
Sou ou lapiye

[II]
Tou sak gen faktori
Yo blan yo ble yo gri
Malere ap redi
Pou la bèl vi fleri
Avantaj pa pou li
Se sa yo di jodi
Kou l fè youn blòk ini
Tout tray gen pou l fini pou li
Boujwazi defini
Gwo mwayen ak piti
Men tou sa pa vle di
Ke yo se dè zenmi
Pi gwo a ka pwodui
Youn kontrole pou li
Entère yo ini
Le pèp pa lan pari …wi