Granma-Censiny Blanchet

Genre-Other
Year-2023
Featuring-Censiny
Produced By-Censiny
Lyrics By-Censiny Blanchet
GRANMA
Vers1
Avan yè swa m reve Granma
Ki mouri sa fè lontan
M reve wè yap fèl pase tray
Tankou esklav yap fèl travay
Lè mwen mandel sa lap fè la
Li di gasonm saw wè a se sa
Mwen di Granma m konnen w te mouri
Nan antèman w
Mwen te chante
Mwen te la nan pote sèkèy
Mt la lè yo tap antere w
Li di gasonm mwen pat mouri
Yo zonbifye m pou sa m posede
Refrain
C'était dur c'était dur
C'était terrible et même pire
Je voulais l'aider, mais hélas !
C'était en vain
Je voulais l'aider, mais hélas !
C'était en vain
Vers 2
Li batay li batay pou l chape pitit li
Nan moman pou l ta jwi yo zonbifye li (bis)

Granma si m te pouvwa
Mwen pa t ap kite w nan fè nwa
M patap kite yo maltrete ou Granma pou jan w te bon moun
Granmoun pou jan w te goumen
Pou flè bonè n ka boujonnen
Ou te tankou yon dous seren lapli men m nan defen w n ap bay bon fwi

C'est frustrant, aberrant.
Gad jan w detounen li
Byen l yo èske w pral jwi yo

Pran konsyans paske li pa fè sans
Pou n kite jalouzi rayisans fè n ap detwi pwochen nou

Granma granma granma