Pou Ayiti -Nou 2

Genre-Other
Year-2008
Ayiti
Si w wèe jodi vini
Se sijè w ke-m shwazi
Se paske m’ap soufri
Si-w wè ke melodi
W’ap tande yon jan tris
Se konsa mwen santi m
Mwen la devan-w cheri
M ape gade w k’ap depafini
Mwen pa ka menm itil
Chagrin, tristès met ak remo
Pou yo fin ak lavi m
Alo m pran plim
Pou m ekri w, ekri-w
Pou m mande w padon

[II
Mande w padon
Pou kou ak kalot frè-m yo ba ou
Padone yo ti chou (padone-m)
Pou rad ou yo chire
Pou kay ou yo maltrete
Yo fè sa san panse
Anmwe!
Mwen ta rele, rele anmwe!
Kilès ki pral koute-m
Pou vin delivre m
Se sèl detwa ti mo, mwen ka pote
Sou yon ti bout papye
Pou m di-w ke mwen dezole
Kwè mwen, mwen dezole se vre
Refrain
Yon ti chante pou Ayiti
Pou-m di l’ m santi sa-l santi
Yon ti chante pou Ayiti pou m di l’ m’avèk li

[III]
O Ayiti ! Konsyans mwen fè
Ke mwen pa ka lage w’
Avè-w ma va lite
O wi! O wi!
Bri a va kouri
Nouvèl la va gaye
Lè sa tout Ayisyen ansan-m
A mete men nan men
Pou n’fè yon sèl chimen
Mesaj la va pase
Lè na libere, ya tande
Fos nou nan linyon l ye
Nan linyon, nan linyon, nan linyon
Nan linyon li ye

[IV]
Mwen pap ka rete
Papye a fin mouye
Vizyon m-trouble
O non! m’ale
Siyen Nou 2

[Refren 2]
Yon ti chante, pou Ayiti
Yon ti limyè, pou Ayiti
Yon ti priyè,pou Ayiti
Yon ti pitye, pou Ayiti