Voye L Ban M Wè-Scandy

Genre-Other
Year-2022
Featuring-Darline Desca
Si m pran pou m eksplike w
Yo it’s Scandy

W ap pale anpil ou di ou genyen l pou kò w
Bali w lage tout kò w
Fè gran panpan men w pa janm afiche li
Wap di l fidèl avè w

Voye l ban m wè (4x)

Amitye mwen avè w, pa dwe gen sekrè antre nou
Se pa voye monte, voye montre m
Petèt li ka pa pou ou
Ayy èske l bon,
Ban m wè foto l èske l bo?
Di m non èske l cho
Sa w konnen an èske l gwo
Fè djòlè sèl ou l renmen, li fidèl sèl ou l genyen
L ba w plezi tout lajounen
Ou fè anvi wè l anvi konnen l

W ap pale anpil ou di ou genyen l pou kò w
Bali w lage tout kò w
Fè gran panpan men w pa janm afiche li
Wap di l fidèl avè w

Voye l ban m wè (4x)


Eh eh
Si m pran pou m eksplike w
Jan l bon jan l konn jere m
Li pa janm fatige, oh non l pa janm neglije m
Fè m konnen si w bezwen youn konsa
Li pa nan kesyon cheri m pa sou sa
M vwayaj avèl tout kote konsa
L pa bezwen paspò l pa bezwen viza
Ou ou ou, ou pa menm bezwen mande l
Ou ou ou, ak li m toujou byen pase

W ap pale anpil ou di ou genyen l pou kò w
Bali w lage tout kò w
Fè gran panpan men w pa janm afiche li
Wap di l fidèl avè w

Voye l ban m wè (4x)

Ayy èske l bon,
Ban m wè foto l èske l bo?
Di m non èske l cho
Sa w konnen an èske l gwo

Ou menm sèl detrès afè w
Bouton m nan men w, sèl ou k ka fè l
Ou monte volim ou desann volim
Jan ou vle

W ap pale anpil ou di ou genyen l pou kò w
Bali w lage tout kò w
Fè gran panpan men w pa janm afiche li
Wap di l fidèl avè w

Voye l ban m wè (4x)