Avec Le Temps-Paska

Genre-Konpa
Year-2019
Lyrics By-Paska
[Verse]
Èske se lò pou m te ba w
paske tout sa m fè pat janm ase
m sonje lè m te nan bra w
ou te fè m kwè w pa tap janm ale
malgre tout vis nou
ou te pwomèt mwen n tap fin vi nou ansanm
malgre tout diskou
ou jwenn on jan kanmenm pou w fè demitou

[Pre-Chorus]
m te toujou kwè ke n te ka g on chans
pou lanmou sa je fèmen m te fè w konfyans
mèsi pou bèl moman n viv a de
m ap di w mèsi mèsi
men sèl sa m konnen

[Chorus]
avec le temps ou gen pou w sonje mwen
avec le temps ou gen pou w mande pou mwen
avec le temps ou pral vle pou m retounen
avec le temps le temps ou pral di si w te konnen

fanmi zanmi ou di m ke w pa happy
pandan w ap pran pòz wap byen pase
pandan m konnen pa gen lòt moun
kap janm renmen w pi plis pase m
ou chwazi yon vi superficielle nan plas yon lanmou eternal
men nan pwen nou ye la sa byen tris pou m sonje g on lè

ou mèt rele m nan telefòn – ou pap jwenn mwen
ou mèt plede voye DM – ou pap jwenn mwen
whatsapp Facebook – ou pap jwenn mwen
cheri ou wè la ou poukòw nèt

[Keyboard]
M te pale yo I’m back in the game for real
Nan ka sa m reziye m

Kite sa
Menm si kè m ta vle m pap tounen dèyè – mwen kite sa
Nan moman m poze pa okipe w pou mwen non – kite sa

I’m over you, over you
Mwen fini pa aprann mete tèt mwen an premye
I’m over you, over you
Jounen jodya m pi janm pou moun k ap vini aprè w la

ou mèt rele m nan telefòn – ou pap jwenn mwen
ou mèt plede voye DM – ou pap jwenn mwen
Snapchat Email – ou pap jwenn mwen
Jan m te di w la ou poukòw nèt

[Keyboard]

[Chorus]
avec le temps ou gen pou w sonje mwen
avec le temps le temps ou pral di si w te konnen