Sa Pa Lov-Enposib

Genre-Konpa
Year-2021
Lyrics By-Medgy Toussaint
[Verse]
Hmm cheri a
Ou te mande pou yon moun ki pou te pran swen ou
Ou te mande pou yon moun ki pou pwoteje ou
M tap toujou la pou ou m tap goumen pou ou
Mwen t ap pran bal pou ou san ezite

[Verse]
Hmm cheri a
Ou pase lanmou anba pye m ou chire m tankon papye
Depi m pale avè w ou babye lè m ba w manje ou baye
Tout sa mwen fè pa janm bon menm lè w gen tò m ba w rezon
M ap tou remèt demisyon m

[Chorus]
Lòv lòv gen de jan l vini fò w bliye kiyès ou ye
Lòv gen de jan l vini fò w bliye si w egziste
Lòv mwen vle a pa sa
Lòv mwen vle a pa sa
Lòv mwen vle a pa gen anyen pou wè avèk sa

[Verse]
Baby tande lavi a pa mande tout sa ou genlè pa janm reflechi
pa di m ou bliye gen kama yon jou wa wè kisa w pèdi
sa w voye m al fè la, sa w panse m pral fè la
mwen panse w tap pran tan pou w bliye m
men m wè ou afiche nèg ou byen serye

kijan m pral di fanmi m yo kè m kraze
m t avè w nan boul figi yo – menm lè yo pat vle
menzanmi tèt chaje avè w m te vle on bagay serye
nan chache bonè mwen jwenn plis pwoblèm

[Chorus]

Si m pa ka jwenn li jan mwen vle l la (2x)
M ap tou bay lanmou legen

[Keyboard]
sa w voye m al fè la, sa w panse m pral fè la
Enposib ki la Enposib ki la yes
sa w voye m al fè la, sa w panse m pral fè la

oh baby jou m ap wè nou men nan lamen
m ap mache sou ou avèk kè plen
m ap f on ti bo pou ou ak trannde dan m deyò
m ap bay misye lanmen epi m tou al lakay mwen
pou m al kriye kou timoun piti
pou m al priye pou m bliye tout souvni
tout fo ti kè kontan tout fo ti fè lanmou yo
on jou m a va refè men m tou bay lanmou legen

[Keyboard]
sa w voye m al fè la, sa w panse m pral fè la

[Chorus]
Lòv lòv gen de jan l vini fo w bliye kiyès ou ye
Lòv gen de jan l vini fò w bliye si w egziste
Lòv mwen vle a pa sa
Lòv mwen vle a pa sa
Lòv mwen vle a pa gen anyen pou wè avèk sa

kijan m pral di fanmi m yo - kè m kraze
m t avè w nan boul figi yo – menm lè yo pat vle
menzanmi tet chaje avè w m te vle on bagay serye
nan chache bonè mwen jwenn plis pwoblèm


;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016