Entre Nous-T-Ansyto

Genre-Konpa
Year-2016
Featuring-Badi Kamal | Pooh Bear
Produced By-T-Ansyto
Maestro

Ou marye, m fiyanse w ap gade m, m ap gade w
M konnen w sou sa, e mwen sou sa tou
Nou pap nan di je t’aime, nou pap nan pil pwoblèm
Nou pap nan di poem

[Hook]
Nou pral jere - entre nous
Fè ti pale - entre nous
Fè ti peze - entre nous
Fè ti kole
Fè ti touche - entre nous
Fè ti koke - entre nous
Fè ti gade - entre nous
Fè ti – ouhh baby

Se vre kè n separe, men n ka toujou pataje
M pare pou m fè saw vle, banm kò w tout an antye
Di m tout kijan ou vle l, m ba ou l jan w desire l
Ou pap bezwen strese tout dwèt ou relaxe

Ou marye, m fiyanse w ap gade m, m ap gade w
M konnen w sou sa, e mwen sou sa tou
Nou pap nan di je t’aime, nou pap nan pil pwoblèm
Nou pap nan di poem

Si sa se yon peche nou deja kondane
Ou gen mesye marye, mwen gen mennaj serye
Poutan sa pa anpeche nan kè n tout koze sere
Lè n kwaze nou pa pale, an sekrè n ap rete kole

[Hook]

Li di m

[Keyboard solo]

Chak fwa n kwaze, nou toujou manyen manyen nòmal
Entre nous (2x)
Entre nous Cherie

Madanm ou ap rele m ou di w ka jere
Li kouche bò kote m se vant pa m lap woule
Chanpay ap pete e poutan
Se kòb pa w nap boule e poutan
Tdraaa

[Hook]