Men Mwen-Alan Cavé

Genre-Konpa
Year-2007
[Verse 1]
Ou te di mwen ou renmen mwen
Te di m ou vle mwen pou lavi
Te di m san mwen wa va mouri
Mwen pat vle kwè
Ou te di m Lò w wè m , mwen fè ou souri
Ou te di m kote m, doulè w fini
Kelkelanswa tout sa ou te di, Di mwen non cheri
Mwen pat vle kwè

[Chorus]
Men mwen, men mwen
Men mwen cheri

[Verse 2]
Si ou te wè mwen endesi, mwen endesi
Se reflechi mwen t ap reflechi
M pat vle damou w pou granmesi
Mwen pat vle kwè
M pat vle kouri kouri di wi
Epi pou sa ta mal fini
Kounya m pare pou ou cheri
Kounya mwen kwè

[Chorus]

Jodya m vle konnen w
Pare pou mwen renmenm w
Ban m men w pou fè m sonje
Dousè ki nan lanmou
Jodya m vle w ti chou
Pare pou nou damou
Mwen mwen bwat sekrè m
Kase l pran tout kè m pran tout kò m

[Keyboard Solo]
Jou sa resi rive
Baby I’m here to stay

Vin blayi kè w sou ke mwen
Vin soude kò w sou kò mwen
Jou sa resi rive
Ou kwè se vre
Kò m ak kò w rankontre rele ponpye
Jou sa resi rive
Kounya mwen kwè

[Keyboard Solo]
Jou sa resi rive
Baby I’m here to stay

Vin blayi kè w sou ke mwen
Vin soude kò w sou kò mwen
Jou sa resi rive
Kounya m kwè
Jou sa resi rive
Kounya mwen kwè
Gade kijan mwen kwè
Kounya mwen kwè