Kè Poze-Talie

Genre-Other
Year-2018
Produced By-Nathalie Cerin, Scott Stitzer
Lyrics By-Talie
Vs 1
Piti piti, tou piti, twò piti menm
M ap mache, kote m pwale?
M pa fouti di menm
Tèt chaje, tèlman chaje, twò chaje menm
Gwo krent, laperèz
Tou fè m paka dòmi menm

M pa tèlman egzijan sitou alekile
Sèlman vle yon repons pou di m kilès mwen ye

refrain:

Lage m sou tèt mòn kote lanmou blayi kò l pou m ka libere
Mennen mwen kote lanmè a ka lave doulè mwen

Lage m sou tèt mòn kote lanmou blayi kò l pou m ka libere
Mwen vle danse sou tèt nyaj yo
Kè poze ma jwenn

Vs 2
Kenbe n ap kenbe
Men rive on pwen kot kenbe pa ase
Nou lèd nou la, men lèd pa t fèt pou mwen
Ban mwen bote, gerizon kè mwen bezwen

M pa tèlman egzijan sitou alekile
Sèlman vle yon repons pou di m kot wout la ye
Yon moun pou di m “cheri, jou pa w la rive”
Yon moman pou m wè klè

refrain:
Lage m sou tèt mòn kote lanmou blayi kò l pou m ka libere
Mennen mwen kote lanmè a ka lave doulè mwen

Lage m sou tèt mòn kote lanmou blayi kò l pou m ka libere
Mwen vle danse sou tèt nyaj yo
Kè poze ma jwenn

bridge:
Pou siye dlo nan je manman mwen
Geri maladi papa mwen
Rann jistis pou frè mwen
Kè kontan pou sè mwen
E pou mwen menm tout sa m ap priye
S on ti gout kè poze