Nèg Kongo-Beethova Obas

Genre-Other
Year-1999
Featuring-Emmanuel Obas
Lyrics By-Beethova Obas
[Verse 1]
Manno vini n fè ‘on ti pale, sa pa ka kontinye
Bondye fè m g’on frè pou m pale, konsa m’a respire
Thov kite m kase moso ba w, pase koze sa a pa w
Dosye m’tap pale w la koke, gen twòp men ki tranpe

[Chorus]
Woy, l’a rive jou sa a
Pou n al chante kou nèg Kongo

[Verse 2]
Sa k byen pa viv ak kè poze, sa k pa genyen boude
Kap la chaje fòs sou kote, l’ap bat tèt mal mare
Sa pa vle di n’fin jwe pou sa, frè n yo se nèg konba
Yo se nèg sanba, yo se nèg konba
Li lè pou n sispann jwe ralba, an n remare kap la

[Chorus]
Woy, li rive jou sa a
Pou n al chante kou nèg Kongo

Yo gen pou bare w nan za w’ap fè sou do leta

Woy chapeyapbada

Yo gen bare w, yo gen pou kenbe w vye frè

Woy chapeyapbada