Detripay-BelO

Genre-Other
Year-2014
Produced By-BélOMusic
Lyrics By-Jean Winer PASCAL & Jean Belony MURAT (BelO)
Détripay


Kloutoup kloutap, miwo miba
klopi klopan, nou tèt anba
N-ap tatonnen, jé-n nan fè nwa
n-ap monté mònn sou janm dé bwa.

Lanvè landrèt, douvan dèyè
rèv dépaman, twòkèt malè
Kazak ranyon, karako sal
kòlèt débrayé jwèt bosal.
Oun gout kléren, nou an zig zag
la vi oun pèp tounen youn blag
Vètij grenpé tèt Maryéla
Poto San Fil jwenn madigra.

Li anòmal, men li nòmal
youn lamayòt nan kanaval
Oun Ka dé Jak s-oun-w popé twal
oun pidétwal nan plas zètwal.

Kloutoup kloutap, miwo miba
klopi klopan, nou tèt anba
N-ap tatonnen, jé-n nan fè nwa
n-ap monté mònn sou janm dé bwa.


Ti fi douzan k-ap fè twotwa
anfans yo maké ak kout ba
Youn ti flè-k pandyé nan kochma
k-ap bouské la vi nan fatra.
Ti moun k-ap drivé nan la ri
oun kò-k poko menm finn grandi
K-ap vann plézi, pran maladi
Kasé lèzo anba galri.

Fò-n ta ékri sa nan listwa
doulè-k nan ren Maché AnBa
Inosans vann nan bak la vil
barèt, riban ou poupé fil.

Gadé dézòd nan lakou-a
mézanmi l-pa nòmal
Pwoblèm nan lakou-a
mézanmi l-pa nòmal.

Gadé dézòd nan lakou-a
mézanmi l-pa nòmal
Pwoblèm nan lakou-m nan
mézanmi l-pa nòmal.

Li pa nòmal (8 fwa)

Men pwoblèm yo la
Yo la (3 fwa)

Pwoblèm yo mare pyé-n
Pwoblèm yo anpétré-n

Lyrics: Jean winer PASCAL
Music and lyrics: Jean Bélony MURAT (BélO)
Album BélO: Natiaf Natal, April 2014