On Bann-Troubleboy Hitmaker

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2018
Produced By-Magic Touch
Lyrics By-Trouble Boy
[Hook]
M konn on bann djaspora k pran pòz
Yo pa pale kreyòl
on bann ki toujou ap di
Yo pa moun andeyò
On bann ki toujou ap ri
Langaj moun andeyò
Men depi son tanbou banbou lage
Yo lage nan bann

[Verse]
Li kite Ayiti depi a sèz an pati al viv kay Tonton Sam
Toujou antre trè souvan vin fè vakans kay tonton Jak
Chak fwa l antre se an été li toujou mande rete
Li nan tout fè Pòtoprens an provens li mache fete san rete
Lè l retounen New York la l di jan l sot byen pase
Li di l sot manje manyòk ou mèt kwè l sot byen frape
Li di zanmi Miami yo l sot manje bannan ak griyo
Bon jan diri ak lalo benyen nan lanmè sous dlo
Li pale yo de Djakout TVice yon krezi Kreyòl la
Di yo what’s up vle di sak pase laprann yo kèk mo Kreyol la
Oh nan pran pòz pa Ayisyen oh nan pran pòz li pa konprann
Li di oh oh. Oh nan jwèt nan men w

[Hook]

Ti Jak renmen Ayiti tankou se de je nan tèt li
Pale mal Ayiti devan l l ap transfòme an Jet Li
Toujou ap bat tanbou nan klass li di se sak idantite l
Kata tchtcha tanbou banbou li di sa se kat idantite l
Li di l tande tout lòt tandans pou l fe lòt eksperyans
But tandans pa l se rasin li renmen Boukman Eksperyans
Depi l gen pistach lanbi li pa bezwen viagra
Menm si yo di l Ayiti piti pou li se la vi ak gra
Wap pale m de South Beach si se pou bèl plaj moi je l’ai
Ann al Ayiti m ap mennen w Labadee ak Jele
Wap tèlman wè bèl lanmè wap di Wahoo bay
Aprè map Mennen w Decameron oubyen Wahoo Bay

[Hook]

[Outro]
Ou ka kite Ayiti, Ayiti pap janm kite w
Ble e rouj la se fyète w se li k idantite w

Lwa pran m ankò

[Hook]


;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016