Nou Paka Ansanm-Troubleboy Hitmaker

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2018
Featuring-Fatima
[Verse 1]
Antouraj ou di m m son ti frekan
Ou sot nan on klas sosyal diferan
Sa pa anpeche nou fè dife pran
Sitou lè w avè m map ouvè kò m tankou on ti pedan
Cheri ou fè m vin romantik
Ou fè m santi m byen m paka ba w manti
Ou wè avè m ou pa gen avni
ou gentan ranplase m ak on lòt san ou pa mande m avi m
cheri w son fanm marye
mwen son varye se wonn nan m te vin gaye
mwen pat vin pou m rete
m toujou di fò m remèt chak fwa m prete

[Hook]
Se pa vle m pa vle avè w
se pa renmen ke mwen pa renmen w
cheri n pa ka ansanm
cheri n pa ka ansanm
se pa vle m pa vle avè w
se pa renmen ke mwen pa renmen w
cheri n pa ka ansanm
cheri n pa ka ansanm

[Verse 2]
mwen te fin abitye mwen te menm adikte
men se domaj ke nou pap ka soude
mwen son fanm marye mari m dwe respekte
se mwen sosyete a gen pou l kondane
mwen yap imilye
yo pap aksepte paske se fanm mwen ye
w konn jan sa ye jan yo konn jije m
tanpri ann kanpe cheri m pap kontinye
non nou pap ka ansanm se vre ou nan san m
m ta vle n ansanm men fòk mwen pran san m
se on ti moman nou de te aksepte
se on kont defe ki pa reyalite

[Hook]

[Verse 3]
Renmen sonje w sa deranje kwè mwen si ou vle
Se ou ke mwen te vle menm si sa pat ka mache
Mwen sonje w tou,
m pa baw manti m kwè nan nou m kwè nan lanmou
m pa konn pouki nou pa ansanm ankò
m te sou fè bagay serye men ou potko pare
se jwe ke w te vle jwe e laj ki tap monte
don’t hate the player hate the game
menm si nou pa ansanm love la still ret the same
le n kwaze nan lari n ava souri
na sonje n te genyen yon love story
wa va yon bèl souvni, yon kado k pap louvri
na va kontinye viv lavi n men cheri

;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016