Power Of Love-Kado

Genre-Konpa
Year-2017
Lyrics By-Ti Lunet
[Verse 1]
Mwen pral di w yon sekrè Ki nan kè mwen lontan
M konen sa ap etone w Mèt kwè m se verite
Bondye nan syèl konen Kijan ke mwen renmen w
Se pi gwo mal mwen ta fè si mwen pa ta di ou sa

[Chorus]
Lanmou g on jan l manifeste
Ou mèt fè sa ou vle
Se kè k ap deside

[Verse 2]
Pouki pou m kwè w renmen m
Mwen se pitit Sòyèt
Wabite nan on chato, mwen rete nan ghetto
Nou pa menm ran sosyal nou pa sanble
Wa di kijan sosyete a pral gade nou

[Keyboard]

[Verse 3]
Si m ta chwazi yon moun ke m pa renmen
Pou m fè lasosyete plezi
Sa tap rann lavi m mizerab
E si tout fwa paran m ta entèdi m
Pou anpeche lanmou m grandi
Se pi gwo mal yo ta fè nou

[Choir]
Lanmou pa gen wo ni l pa gen ba
Mande Ti Blan la di w
Lanmou pa konn afè ran sosyal
Ti Doktè vin eksplike l
Lanmou pa konn blan ni l pa konn nwa
Lanmou pa gen koulè
Lanmou pa nan prejije

[Verse 3]

Lanmou pa gen wo ni l pa gen ba
Mande Ednol la di w
Lanmou pa konn afè ran sosyal
Marcelin Lalane vin eksplike l
Lanmou pa konn blan ni l pa konn nwa
Lanmou pa gen koulè
Lanmou pa nan prejije

[Keyboard]
Ti Lunèt

M konnen yo pral pale
Yo pral pèsekite m
M konnen sa pa fasil
Se nou k pou deside
Pou mwen sa enposib
Pa gen okin garanti
Se mwen ki pral kriye
Lanmou sa pap dire

[Chorus]
[Keyboard]
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016