Ayiti Bèl-Orchestre Tropicana D'Haiti

Genre-Konpa
Year-2016
[Verse 1]
Se vre yo di lakay nou gen pwoblèm
Men fò n konnen genyen anpil riches
Pouki nou pa chache met tèt ansanm
Pou l retounen perle des Antilles
Nou gen bèl solèy, bèl plaj, bèl rivyè
Bèl sit istorik visitasyon toupatou
Souvan nou toujou di lari a se salon pèp la
Kote moun ap pase fè efò pa jete fatra
N a konstwi yo peyi tout Ayisyen va fyè de li

[Verse 2]
Se vre yo di peyi n pap devlope
Men fò n sonje l genyen anpil valè
Si nou travay pou n fè yon lòt demen
L ap retounen perle des Antilles
Nou gen fèt chanpèt, rara, kanaval
Bèl pòt, bèl chut dlo, vizitè kap vin apresye
Souvan nou toujou di lari a se salon pèp la
Kote moun ap pase fè efò pa jete fatra
N a konstwi yo peyi etranje pral kontan vini

[kè]
Vin admire bote peyi a
Vin vizite bèl ti peyi sa

[Verse 3]
Ayiti chaje bèl sit istorik ki fè n sonje jan istwa n te bèl
Cap Haitien – monument de vertières
Lè n antre Milot – palais sans soucis
Lè nou monte piwo – Citadel Laferière
Lè n rive Latibonite – Palais 365 Portes
Ayiti chaje bote naturel, bèl peyizaj, bèl rivyè, bèl plaj
Plateau Central – Sodo basin zim
Lè n rive nan Sud – monte Port Salut
Lè nou pase nan Nord – Monte Labadie
Lè n rive Camp Perrin – nou jwenn so Maturin

Ayiti Cherie se kè m, ou se nanm mwen, ala on bèl peyi

[Ke 2]
Lakay mwen s on bèl peyi
Lakay mwen se Ayiti Cherie
Bienvenue en Haiti, byenvini lakay an mwen

Vin admire bote peyi a
Vin vizite bèl ti peyi sa

;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016