The Switch-Nu-Look

Genre-Konpa
Year-2016
Dèfwa Mwen Di pouki lanmou pa t gen yon switch
Pou n ta alume l lè n bezwen sèvi avèl
Lè n santi l annwiye n
Nou pase men Nou etèn Li
Nou bloke tout soufrans bloke tout santiman
Konsa n ta elimine crime passionelle
Ta va supprimer toute violence domestique
Pa tap gen dlo nan je ni kè kase tout lajounen
Cette histoire de vivre ak stres ta va fini

[Chorus]
Eske switch la on - Eske li ON
Eskè'l off - Eske l OFF
S on option n ta ka kontwole [2x]

Pou Sa ki jalou pou yo ta soulaje
Yo tap sispann poze action irrationalle
Depi yo gon ti dout yo tap mete switch la sou off
Toute movèz reyaksyon pa tap janm egziste
I've been hurt so many times si sa Moun di
Lè yo pa gen système de défense pou coeur yo
Pou nou ta evite vini yon statistik de plus
Priye pou la science envente yon switch konsa aaahhhhh ohhh ohhhh
Epi kite l ale pou yo

Si l pa janm pale nan Tèt Ou
Nou tap mete l on [Chorus]

L' obéissante
Nou tap mete l on [Chorus]

Si l jere w byen
Nou tap mete l on [Chorus]

Si l compréhensive
Nou tap mete'l on [Chorus]

Si li pa ba w manti
Nou tap mete l on [Chorus]

Si'w ta wè
Nou tap mete l on [Chorus]

Afeksyon tout lajounennnn
Nou tap mete l on [Chorus]
Mete'l on

Si tout tan n nan fache
Nou tap mete'l off [Chorus]

Pale anpil
Nou tap mete l off [Chorus]

Jalouzi San rezon
Nou tap mete l off [Chorus]

Si l renmen soti
Nou tap mete l off [Chorus]

Si l pa bay afeksyon
Nou tap mete l off [Chorus]

Si'w ta wè
Nou tap mete l OFF [Chorus]
Tout jounen l nan telefòn
Nou tap mete'l off [Chorus]
Mete l OFF

[Chorus]
Depi w santi Pa gen panse
Depi w wè gen konpreyansyon
Depi w santi gen kè kontan
Se mete switch la on

Depi w santi genyen panse
Depi pa gen konpreyansyon
Depi w santi kè pa kontan
Se mete switch la off

Les hommes ta va plus souriant
Le monde tap viv ak kè kontan
Problem coeur ta sispann mete divizyon tout kote
Se tankou yon jilè pa bal
Gason kon fi ta ka mete'l
Depi w santi ke w afebli
Mete'l off

[Chorus]
Depi w santi Pa gen panse
Depi w wè gen konpreyansyon
Depi w santi gen kè kontan
Se mete switch la on

Depi w santi genyen panse
Depi pa gen konpreyansyon
Depi w santi kè pa kontan
Se mete switch la off [2x]

;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016