Timoun Ayiti-Nickenson Prud'homme

Genre-Konpa
Year-2006
Gen timoun ayiti
Ki lage nan lari
Tout ap cheche gen lavi
Yo toujou ap soufri
Yo gen tout maladi
Paske yo mal nouri
E lakay pa gen travay
Yo pa jwen-n lamanjay

Wa Konpare timoun rich
Ak tout sa ki pa rich
Wa we yo egal ego
wa va lonje men bayo

Pa gen timoun ki pa bon
[Bis]

Yo pa jwenn bon bèje
Ki pou bayo manje
Anpil tan ap pase
Yo rete yap seche
Yo paka al lekòl
Dwòg tounen pwotokòl
Paske yo pa gen fanmi
Yap Mennen vi nan lari

Wa Konpare timoun ki rich
Ak tout sa ki pa rich
Wa we yo egal ego
wa va lonje men bayo

Pa gen timoun ki pa bon

Timoun se avni peyin-n
Fon-n lonje men bayo
Kit le nwa kit le te blan
Fo'l jwenn ankadreman
Non non non non
Ou se timoun jodi ou ka Nicky demen
Ohhhh

Protege timoun yo
Se yo ki avni peyi'n
Ankadre timoun yo
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016