Bat Dada -Enposib

Genre-Konpa
Year-2019
[Intro]
Bat dada nou
Mete m sou men mwen

[Verse]
Mwen renmen w e m konnen w renmen m tou
Au debut batman kè n fèt an menm tan
M te wè lavi m avèk ou, m remèt kè m nan men ou
Tout kote nou afiche nou
Tou moun konnen se ou k ofisyèl madanm mwen
Mwen se mari w mwatye ou
Ou se baby m doudou mwen

On sèl kou sanzatann m wè tanperaman w chavire sou mwen
Ou pedi konfyans nan mwen
Sa koz nou pa ka viv
N ap viv nan fòse chak jou
Se jalouzi ak istwa w ap envante ou gaspiye m

[Chorus]
Pito w ale baby, petèt ou pate fèt pou mwen – ale
Pito w ale baby, petèt ke m pate fèt pou ou – ale
Pito w ale baby, petèt ou pate fèt pou mwen – ale
Pito w ale – ale
Pito w ale – ale

[Verse]
Tout sa m fè tounen kont mwen
Pawòl mwen pa vo anyen
Ou pi vit kwè nan sa moun di ke mwen menm
Pou ou m pa janm di verite
Demanti m san verite
Sa fè pèdi tout anvi pou m eksprime m

Se toujou san zatann m wè tanperaman w fin varye sou mwen
Ou pèdi konfyans

[Chorus]

[Keyboard]
Ale
Byebye bye
Pou kantite love ke mwen ba ou ay
An nou ay
An nou ayayay
Enposib ki la

Mwen pate janm neglije ou
M te toujou prezan, toujou pasyan
E mwen pat vle evite ou
Si sa enposib pito n bat dada nou

An nou an nou an nou
Bat dada nou
Nou pa tolere youn lòt pito n ale
Bat dada nou
An nou an nou an nou
Si w pa renmen m m pral chèche on moun ki renmen m
An nou bat dada nou

[Keyboard]
Ale
Byebye bye
Bye bye
Pou kantite love mwen ba ou ay
An nou ay
An nou ayayay

An nou an nou an nou
Bat dada nou
Nou pa sou sa bat dada n booboo

;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016