On Jou Byen, On Jou Mal-Kreyol La

Genre-Konpa
Year-2018

[Verse 1]
Diferans ant mwen avè w
Sèke mwen pale ak bouch
Ou menm ou pale ak kè w
Sa kreye yon klach ki toujou la
E k ap mine lavi m avè w
Tout sa mwen di pou jwe
Ou menm ou pran l twò serye
Ou fin chite tande
Epi w kenbe pati ou vle
Lanmou m avè w se konsa

[Chorus]
Yon jou byen, yon jou mal
O o, yon lago kite ak tounen
Yon jou byen, yon jou mal
O o, n evante rezon pou n goumen
Yon jou byen, yon jou mal
O o, men lè n tounen nou pi renmen

[Verse 2]

Diferans ant mwen avè w
Sèke mwen panse ak tèt
Ou menm ou panse ak kè ou
Li kite yon tach ki toujou la
E ki make lavi m avè w
Sa mwen ka wè tou pre
Ou menm ou pran l nan syèl w ale
Jan pa w w intèprete l
Ak senaryo ou imajine
Men lanmou m avè ou se konsa

[Chorus]
Yon jou byen, yon jou mal
O o, yon lago kite ak tounen
Yon jou byen, yon jou mal
O o, n evante rezon pou n goumen
Yon jou byen, yon jou mal
O o, men lè n tounen nou pi renmen

Men istwa mwen avè w se yon seri k pap janm fini

[Keyboard]
Hola hola, m pale ak on moun wi la a
Mwen avè w
M ap ri nan kè m, w ap ri nan kè ou
Mwen avè w se konsa
Ha ha ha ha ha ha

Lanmou nou

[Hook]
Lanmou nou s on boule
Li fè n dous, li fè n mal
Istwa nou fèt jan pa l, e ekri lamoral

[Guitar]
Ou ou dous
Mwen mwen dous
Ou ou dous
N ap kenbe l dous nèt
Ey ey

[Hook]
Lanmou nou s on boule
Li fè n dous, li fè n mal
Istwa nou fèt jan pa l, e ekri lamoral

Yon jou byen - On jou, on jou byen
Yon jou mal – On jou, on jou mal
Mwen avè w

[Outro]
Yon jou byen, yon jou mal
O o, yon lago kite ak tounen
Yon jou byen, yon jou mal
O o, n evante rezon pou n goumen
Yon jou byen, yon jou mal
O o, men lè n tounen nou pi renmen
Yon jou byen, yon jou mal
O o, yon lago kite ak tounen
Yon jou byen, yon jou mal
O o, n evante rezon pou n goumen
Yon jou byen, yon jou mal