Deception-Nickenson Prud'homme

Genre-Konpa
Year-2006
What's going on
Ampil ane gintan pase,
Min ou poko janm ka desidew
Si se avem ou vle rete,
Pou jan jouktan,ou fe tan pase
Santiman'm pou ou fin'n grandi,
Chak jouk pase pou ou ape fleri
Ou met kwem 'm pap ba'w manti,
Ou fe plezi lavi'm

[Chorus]
Pa gin ampil poum di'w
Ni trop pou mwen ofri'w
Sel sa'm konin'm grangou lanmou,
Grangou lanmou
Vwayaje nan lot peyi,
Mwen we ampil bel kreyati
Min se ou'k toujou nan lespri'm,
Ou nan lespri'm

Mwen pa tro fo nan fe pwezi,
Min se tout lajounin map ekri
Defwa'm chante,m jwe mizik,
Poum exprime sa'm santi
Pa fe komsi ou pa komprann,
Ke se pou ou tet mwen ap pati
Pouki ou jwe jwet indiferans,
Ou pa ban mwen on chans

Cheri ou konin tre byen tout feeling mwen.
Tout emosyon lanmou ka chaye mwen
Panse avew ka fe kem sote,ka fe tout jounin kontrarye
Istwa lanmoum ave'w ka we demen,kapab minm fe ti wout boujonin
Pouki ou pa vle chanje lide,kafe bone nou tou le de
Deception

Ohhhhhhh (4x)

Deception

Ohhhhhhh (4x)

Wa mete ke'w sou ke'm map mete men nan men'w
Cherie mwen pap kite'w ale
Franchman mwen pare poum fe sa'w mande'm
Cherie mwen pap kite'w ale
Devan la societe se ou mwen met an premie
Cherie mwen pap kite'w ale
Pa fe mwen la peine pa fem pi elas
Cherie mwen pap kite'w ale