Katarock-Gabel

Genre-Konpa
Year-2015
Lyrics By-Katalog
[Hook]
I’m a rock
Katalog is a rock
[Verse 1]
Katreven diznèf mwen deside pou mwen antre USA
Pandan m kite universite mwen sou twazièm ane
Paran m te chaje dlo nan je paske m te pati san papye
Lè m rive Miami y arete m paske m te antre ilegal
Mwen fè vent e en jou ap kriye ap rele

[Hook]
I’m a rock
Katalog is a rock

[Verse 2]
Nou pase dizan ke m san papye mwen pa rezide
M pat ka travay m te reziye m a sa lavi te bay
Men mwen te toujou gen yon rèv vin sa m ye jodia
An de mil sèt bagay la dejenere
Blan vin frape pòt mwen pou depote m
Oh fanmi zanmi m ki tap priye
Fè de mil dis mwen delivre
By 2012 gon w jan pou w ye

[Horns]
Yepa
Patrick Fabre

[Choir]
Mwen soti lwen pou m rive la
Se pa de montay mwen pou m pase, pou m rive
Lavi mande fòw gen kouraj pou w lite pou w jwenn avantaj
Kenbe fèm, pa lage

[Katalog]
Oh manman m pat la, papa m pat la pou te ede m nan moman sa
Mwen te lage de bwa balanse m tap eseye pou m ekziste
Si m ta pran di tout sa m pase, gen moun ki ta tonbe kriye
Kite twazyèm ane faculte se machin mwen te al lave

[Keyboard]
Pa neglije priye Bondye
Menm si w piti ou pap tonbe

Pachou

[Guitar solo]
Kenbe fèm pa lage
Pa janm dekouraje
[2x]

I’m a rock
Gabel