Pa Kite W Ale-T-Vice

Genre-Konpa
Year-2023
Featuring-Charlin Bato, Gio-K
Produced By-Reynaldo Martino
[Chorus]
W annik pase kè m manke rete
Kote w soti di m kijan w rele
Pa ka kite w ale (2x)
Ban m nimewo w poun fon ti pale
Di w bèl pawòl tout sa w vle tande
Pa ka kite w ale (2x)

[Verse 1]
M anvi danse avè w
Fon ti balanse di m tout sa k sou kè w
Konnen yo fè w mal kite m ranje w
Pwomèt ou mwen pa vin met dlo nan je w
Kite m ale avè w,
kite m dirije w mwen ka fè bonè w
yo di ye te renmen w se pat janm vre
mwen se yon boul loto ou poko janm jwe

[Verse 2]
tèt mwen nan pwochen vòl la pou ou li pral pati
pa di w pa renmen cheri wap bay tèt ou manti girl
and I got plans for you just tell me what to do
cheri m tonbe pou ou
[Chorus]
W annik pase kè m manke rete
Kote w soti di m kijan w rele
Pa ka kite w ale (2x)
Ban m nimewo w poun fon ti pale
Di w bèl pawòl tout sa w vle tande
Pa ka kite w ale (2x)
Fò n ret ansanm pou nou jere sa

[Guitar Solo]
Fò n ret ansanm pou nou jere sa

[Keyboard Solo]
Poze, baby poze

[Verse 3]
Baby kwè mwen, mwen fè tout vi m ap vagabonde
Mwen konnen kijan deyò a ye
Mwen garanti w cheri mwen chanje
Kwè mwen, love ou bezwen an nan mwen li ye
Moun wap chèche a se mwen l ye
Pa voye zye pa gad lòt kote
Fò n ret ansanm pou nou jere sa

[Guitar Solo]
Fò n ret ansanm pou nou jere sa

[Chorus]
W annik pase kè m manke rete
Kote w soti di m kijan w rele
Pa ka kite w ale (2x)
Ban m nimewo w poun fon ti pale
Di w bèl pawòl tout sa w vle tande
Pa ka kite w ale (2x)