Men Sa Ki Style Sou Beat-Glamorous

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2015
Lyrics By-Glamorous
[Intro ]
Glamorous Lirik6 Panik lan Mr the punchline
Yeah yeah men sa ki punchline
OK men sa ki punchline
aaaaaaaah I me dat man
pou sa k pral fèt la eske tout bon vre ou atantif
ou okay ebyen jis tande
Men sa ki style sou beat men sa k freestyle

[Verse ]
M vin fè tèt nèg yo cho tankou chyen k pran nan pafen
sa k gen plis ke kran vin an fas mwen
m prè pou m pase yo pa 5
m gen tout jan pou m atake tout sa k panse yo pa senp
non non pa bafre m ni pran m pou nèg so
jamè m pap janm fake tankou lòt yo
koz m gen tout jan pou m jere bif
anvanyen men m nan qlòt m pa yon nèg ki bere bitch
saw pa panse a li map fè saw panse a li m pap fè
m ap byen chofe travay m komanse a li pap frèt
m vin fè w aprann ke m son new demon hip hop frè
m son vèb k au present non pas passe ni a l'imparfait
m vin fè sonje game nan yo bliye
sa k te kwè yo se bon grenn yo repliye
yo pa bad vwa yo ta pi lari ke mwen
now m ap bat pou m fè popilarite mwen
avantaj kòk se nan zepon'l richès poul se nan ze'l ponn
sa k mouye a se pa ret cool se just reponn
depiw bay kou paw just ret tann
pa gen jwèt nèg nan pakou w konn sa w ap defann
sa son bad opera m vin fon lo pe la
pou sa k gen dyare yo m se M lopera
m vin konstipe yo sèk kou ke pen
fin koute m w ap wè m pap janm klase nan sèk ou kreten
tout sa k pa dwat aranje yo m vin pase men
men true talk believe m pa vin met pase genyen
tout sa k ap this that dayè flow pase yo m genyen
y'ap fè plis back pandan setan mwen m ap pase byen
men sa ki rap de bon kalite
avan tou se mind pa panse ak sèl de main ou ka lite
Men sa ki style sou beat men sa k freestyle
avan tou se travay pou yo di ke w son kalifye
lè w pa MC tou ou pa parèt pre miko
Lè w di gede ou pale de nibo anvanyen yo pale de nivo
pandan lè m sky yo pako ateind men m Tour Ephel
pou travay la sa k fristre a ebyen touye m fè'l
.
[outro]
Ah ah touye m fè'l non ,
Glamorous Lirik6 Panik Lan
sa poko anyen la dèyè gen plis toujou
Men sa ki style sou beat men sa k freestyle.