Yon Vagabon Chanje-Baky

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2022
Featuring-K-Dilak
Produced By-Bbo
[Verse 1]
Bagay m pat janm panse
Gade kounya m chanje
Se mwen k pou di n jan m pat jwe
Se mwen k pou di n jan m pat jwe
Tout mal m te konn fè se paske yo te konn brize kè an mwen
M pat janm kwè sou latè
Player tankou m tap kite on fanm prè an mwen
Men grenn sa vo li sa se yon fanm solid
Lasalin ka di ke m pase laj foli
M pa konn sa l fè pou l fè m kite lari a
Pou m fon fwaye men gen solda ki tonbe

[Chorus]
Vagabon fini pou mwen
Al di zanmi m yo lavi m chanje
Vagabon fini pou mwen
M gon moun nan vi m kounya m respekte
Vagabon fini pou mwen
Al di fanmi m yo kijan m konble
Mwen jwen yon gras ke m pat menm mande Bondye

[Verse 2]
Afè plede soti dòmi deyò sa fini
Afè pou m gen de twa fanm sou kote a sa fini
Afè pou m pa ba w password nan telefòn mwen sa fini
Afè manti a tonnen kraze m sa fini
Kounya m son liv ouvè lè w gade nan chak paj
M pa gen foli matcho kounya m gen foli maryaj
M pa nan kache ankò m poste foto w e m tag ou
M santi m pare cheri lonje dwèt ou men bag ou

[Chorus]

[Bridge]
Di ansyen fanm yo pa rele m ankò
Di ansyen fanm yo pa tcheke m ankò
Mwen pa gen plas pou yo ankò
Yo pa gen dwa sou mwen ankò
De je m fèmen mwen pa wè yo
Mwen pa wè yo

[Keyboard Solo]
Cheri
On player chanje
G on vagabon k antre tèt li
Yon vagabon chanje
On player chanje
Epi kisa epi se bip bi bi pipo, lage bagay la

[Chorus]
Vagabon fini pou mwen
Al di zanmi m yo lavi m chanje
Vagabon fini pou mwen
M gon moun nan vi m kounya m respekte
Vagabon fini pou mwen
Al di fanmi m yo kijan m konble
Mwen jwen yon gras ke m pat menm mande Bondye


;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016