Life Goes On-Mr Zomo

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2014
Featuring-Alfa
[1er virs - MrZomo]
Lontan wap frape nan pot la,
pyès moun pa ouvri pou ou.
W bay tan w bay tout savwa w,
Rezilta pa an favè ou.
Defwa kolè ba w anvi lache,
Ak sa w te bien komanse.
Tèt byen wo devan eprèv yo,
Devan ennmi yo montre yo sa w vo.

[Refren]
Si yap voye monte di ou pap rive,
S'ou wè se prop zanmi w k'anpeche w ale,
Si lontan wap frape yo pa janm ouvri,
Pa kouri al nan lòt lavi pa fini.
Di yo di yo, di neg yo pou mwen LIFE GOEs on (bis)

[2eme virs - zotetAlpha]
Si anpil fwa bagay yo tou nwa,
Ou nan soufrans ou pa gen le bra,
Yo kontante sèlman de use ou,
Menm fanmi w pa wè bien pou ou.
Rele Jahjah pou soupi w yo,
Lap ba w fòs pou santans yo.
Toujou kenbe, pajanm lage,
Rèv ou pa lwen rive. (Refren)
[3eme virs]
Manman papa kouri kite w,
Fanmi zanmi tout ap imilye w,
Madanm kite w pou problem job,
Pitit rechte w poutet ou pov.
Maladi fè moun pa rele w,
Yo pa mande kisa w pote e,
Lavi dèyè poko manyen,
Pa dewoute rive w pa lwen.
Tèt byen wo devan eprèv yo
Devan ennmi yo montre yo sa w vo.
Toujou kenbe, pa janm lage, jou a la w gen pou w touchel. (Refren bis)

[Refren]