Sam Ta Bay-Karizma

Genre-Konpa
Year-2015
[Intro]
Sa m ta bay ti cheri
Sa m ta bay ti doudou
Sa m ta bay ti cheri
Sa m ta bay ti amou
Karizma…

[Verse 1]
Se pa de bouke flè m ap ofri w
Se pa de lèt mwen pa ekri w
Mwen fin kwaze w, m pa gendwa pèdi w baby
Mwen gen pou m fè w, mwen garanti w

[Pre-chorus]
Gen lòt fi k aproche m, men mwen pa jwenn plas nan kè m
Se ou m vle bò kote m, se ou menm ki sous bonè m
Ki sa w ka reproche m, si te kè mwen nan pla men w
Pa gen anyen k ka bloke m, se lanmou k ap pote m

[Chorus]
Pa konn ki sa m ta bay o
Ou..pou m ta jwenn chans pou m fè yon ti koze avè w
Pa konn ki sa m ta bay o
Ou..pou m ta jwenn chans pou m fè yon ti ploge avè w
Pa konn ki sa m ta bay o
Ou..pou m ta jwenn chans pou m fè yon ti renmen avè w
Pa konn ki sa m ta bay o
Mwen ta bay menm sa m pa posede

[Hook]
Sa m ta bay ti cheri
Sa m ta bay ti doudou
Sa m ta bay ti cheri
Sa m ta bay ti amou

[Verse 2]
Se pa jodi mwen la m ap soufri
Tankou on dezè k pa jwenn lapli
Tankou malad ki pa janm ka geri
Se ou sèl ki ka ban m lavi

[Pre-chorus]

[Chorus]

[Keyboard solo]
Baby…woy
Ahhh…Karizma
Alo Mika, e li l ye wi…e li l ye
Wi…
Bon cheri, pou mizè m konnen m pase, di m sa pou m fè non
Tonèr….

[Chorus]
Di m sa pou m fè cheri
Pou mwen ka genyen w nan vi mwen
Di m sa pou m fè cheri
San ou mwen pa kanpe sou anyen
Di m sa pou m fè cheri
Si m anvi vlope w nan bra mwen
Tanpri cheri, di m sa pou m fè…woy

Anmwey, gad on konpa sa
Alo Mika, n anvayi yo wi
E li l ye wi…e lil ye

[Outro]
Pa konn ki sa m ta bay o
Ou..pou m ta jwenn chans pou m fè yon ti koze avè w
Pa konn ki sa m ta bay o
Ou..pou m ta jwenn chans pou m fè yon ti ploge avè w
Pa konn ki sa m ta bay o
Ou..pou m ta jwenn chans pou m fè yon ti renmen avè w
Pa konn ki sa m ta bay o
Mwen ta bay menm sa m pa posede