Premye Fwa-Yani Martelly

Genre-Konpa
Year-2015
Produced By-Yaya Prods
[Intro]
Premye fwa huh huh(2x)

[Chorus]
Premye fwa m te wè w
A fòs mwen tap gade w mwen te vle anbrase w
Premye fwa m te wè w
Deja cheri mwen te anvi pale avèw diw tout sak nan kè an mwen
Premye fwa m te wè w
Jodi a ou se yon zanj nan lavi mwen Solèy ki klere vi mwen
Premye fwa m te wè w

[Verse 1]
Pandan m tap mache sou Plas Boyer
Mwen rankontre yon bèl ti bebe
Li mande m cheri comment vas-tu
Depi lè sa bèl ti pawòl te tonbe
Ti cheri kijan w rele, kote w soti
Vin pale avèm, fè mwen plezi

[Chorus]
Premye fwa m te wè w
A fòs mwen tap gade w mwen te vle anbrase w
Premye fwa m te wè w
Deja cheri mwen menm mwen te anvi pale avèw diw tout sak nan kè an mwen
Premye fwa m te wè w
Jodi a ou se yon zanj nan lavi mwen Solèy ki klere vi mwen
Premye fwa m te wè w

[Verse 2]
E si yon jou nou ta fè ti move
M espere nou pa janm kite
Wap toujou rete yon zanj nan lavi mwen solèy ki ka gide mwen
Mèm si yo pale - hey, mèmsi yo ranse - oh
Nap kenbe la nou pap lage
Wi ti cheri se ou ke mwen vle
Eh eh eh oh pa kite w ale cheri, pa kite w ale doudou
Eh eh eh oh se ou m vle pou lavi
Eh eh eh oh pa kite w ale cheri, pa kite w ale doudou
Eh eh eh oh se ou m vle pou lavi

[Keyboard solo]
Yaya Prods
You know it

Premye fwa (3x)
Nou te rankontre

Mwen tonbe – premye fwa
Mwen te kwaze’w – premye fwa
Eske w sonje – premye fwa nou te rankontre
[2x]

[Guitar solo]