I Love This Girl-Alan Cavé

Genre-Konpa
Year-2014
[Chorus]
I love this girl more than ever
I want this love it’s forever

[Verse 1]
Santiman lanmou se lè ou kite kè w louvri
Eksprime afeksyon ak tout sansasyon ou santi
An reyalite lanmou s on jwèt ki jwe a de
Si mwen lourvri kè m
Se paske m ta renmen l avè m
Ban mwen yon rezon ki fè li rete an silans
Li ban mwen lentansyon santiman l rete nan prizon
Tankou yon pwazon ki fèmen yon flè pou tout sezon
Eske se reflè lanmou m ke mwen wè nan je li

[Verse 2]
Eske w ka di pouki jodya se li kè w jwazi
Si w pa menm ka wè
Yon espwa pou l kontinye bat
An reyalite lanmou se tankou yon mizik
S on bèl senfoni ki ekziste gras a on harmoni
On sou yon kannòt ki san bousòl ou a la deriv
Ou nan yon avyon ki san zèl san destinasyon
W ap swiv on lakansyèl ki gen koulè kou lenfini
Menm jan ou wè kè li gen emosyon k pa defini

E chak fwa ou wè l ale
Se souri w ke mwen wè
Chak gout lapli k manyen w
Se karès li mwen santi
A chak fwa m reve l
A chak fwa w sonje l
A chak fwa m chante s on senfoni
Mwen konpoze pou li

[Chorus]

Di m, èske se timidite ki fe li pa pale
Eske se mwen ki fè l mal
Eske m pat ba l ase lanmou
Eske mwen te mal aji
Eske m te manke atansyon
Because all I can feel now is a one way love

[Chorus]

Toulèjou m met ajenou sa se on bèl prèv lanmou
Toulèjou w ap sipliye l pou l ba ou verite
Si yon jou ou te blese l
Si yon jou ou te ofanse l
Ou te mèt al konfese w
Pou l ka padone w tout peche w

[Chorus]

;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016