Aisha (Part II)-Balalatèt

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2012
Produced By-HeavyHeadz Ent
Comme si Je n’existais pas (Ah ouais)
Elle est passée à côté de moi (Ah ouais)
Sans ses regards, reine de Saba
J’ai dit Aisha prends tout est pour toi

Kounya depi’m wè’w m’anvi pouse zèl
Ou depase’m, ou gentan n’on lòt level
Genlè pou’m ta pale avè’w fò’m gon nechèl
M son rebèl, avè’w sèlman m ta vle fè’l
Ou toujou sou kè’m, ah m pa janm regrèt sa
Ou toujou trè bèl, pinga’w chanje stil sa
Yeah kite’m pal’avè’w a capella
Chak moman kole nan tèt mwen kou kamera
Kounya map sonje tout sa’n te konn fè
Nan tout pwogram ou toujou kanpe dèyè’m
Ou toujou padone’m lè mwen fè erè
Pa konn kisa pou’m fè pou’w tounen avè’m
M’anvi poze’w 2 3 kesyon, pa panse’m sou
Lè’w wè’m kisa kap pase nan tèt ou
Eske’w konn sonje’m, panse avè’m chak jou
Eske’w konn anvi rele’m sou telefòn ou?

Comme si… Je n’existais pas (Ah ouais)
Elle est passée à côté de moi (Vraiment)
Sans ses regards, reine de Saba (Du tout)
J’ai dit Aisha prends tout est pour toi

Ou mache nan san’m, tankou piki
Ou gen klas, de la tête aux pieds, très jolie
Ou gen tout kalite ke’m t’ap chèche nan on fi
Nan tèt mwen, m pat panse ke sa t’ap fini
Sa fè’m mal (x3)
Mwen pat janm panse ke sa t’ap janm fini mal
Kounya m santi’m tankon machin ki pran pann
Pa kwè gen moun ki ka efase’w nan memwa’m
Si’w ta bezwen’m nenpòt leu konnen m’ap vini
Pou’m ta tounen avè’w mwen konnen son foli
Menmsi sa, m pa gen pwoblèm pou’n ret zanmi
Sa pral fè’m mal lè son lòt moun k’ap fè’w souri
Sa fè’m mal (x3)
Mwen pat janm panse ke sa t’ap janm fini mal
Kounya m santi’m tankon machin ki pran pann
Pa kwè gen moun ki ka efase’w nan memwa’m

Comme si… Je n’existais pas (Ah ouais)
Elle est passée à côté de moi (Aisha)
Sans ses regards, reine de Saba(Pas même un mot)
J’ai dit Aisha prends tout est pour toi
Voici les perles, les bijoux (M’ap ba’w tout sa’m genyen)
Aussi au retour de ton tout
Les fruits, bien mûrs au goût de miel (Pal’avè’m)
Marries Aisha si tu m’aimes

M’anvi poze’w 2 3 kesyon, pa panse’m sou
Lè’w wè’m kisa kap pase nan tèt ou
Eske’w konn sonje’m, panse avè’m chak jou
Eske’w konn anvi rele’m sou telefòn ou (x2)