Poukisa-2BB

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2014
Lyrics By-Bricks & Brital
Poukisa aa – Poukisa
Poukisa hey, poukisa woy – Poukisa
Poukisa poukisa poukisa, poukisa poukisa – Poukisa
Nou pito inyore tèt nou pou reziniasyon – Poukisa
Nou pote tout etikèt pou’n divizon’w nasyon – Poukisa
Nou refize travay late pou enpòtasyon – Poukisa
Nou pa bay jèn yo aksè avek edikasyon – Poukisa
[Verse 1]
Yo gen moun kap jete, gen lòt ki pa ka manje
Dirijan ap fete, bri pèp la yo pap tande
Poukisa nou pa met tèt nou ansanm akonpli rèv nou
Olie nap pran sak pa pou nou kap fè nou rayi pròp tèt nou
Nou pito ap dechire youn lòt, youn vle chire youn lòt
Pandan fòs nou se lè ni youn ap ede lòt
Ou pa wè tout sak mal sou ras nwa yo vle bay ti dan
Pouki’l oblije djab poutèt li vodouyizan
Pou ayisyen si’w pa pale fransè gen de kote se pe djòl
Anglè tap better epi lang offisyèl nou kreyòl
Tounen zonbi pou bout viza, fè sonomi pou bout pizza?
Yo dèyè pran kontròl nou nèt, damn men poukisa
Nou sou blòf plis banbòch ou tou wè plezi pap fini
Yo fè’n bliye kote’n soti nan tann Jezi kap vini
M toujou di nou kale je nou
Si’n rekonèt vale nou Haiti pap peri
[Chorus]
Tròp inyorans tròp neglijans – Poukisa
Tròp sitirans, nou wè tròp vyolans – Poukisa
Tròp relijion, tròp koreksyon – Poukisa
Nou pa fè linyon, pou nou jwenn progresyon – Poukisa
[Verse 2]
Nou manke sekirite, touris yo pa vizite
Jalouzi ki fèn divize, nou pèdi fratènite
Pouki nou pa revòlte, peyi nou bezwen pròpte
Tèt mòn yo fin debwaze, grangou mizè tout kote, oh no
Manje trò chè nou manke lopital
Wi jis kilè nap konsome local
Pa gen lapè la jenès imoral
Nap fè lage, moun ap mouri pa bal
Oh lord, ki lè nap met lòd
Son’w lòt episòd, boule mache fè dezòd
Oh God, fòk nou chanje metòd
Si’w pap viv an souflantchou ou pa alamòd
Tout sa nou fè nou pa bon, nap koupe bwa fè chabon
Toujou gon’w sistèm repression, tout moun ap viv sou tansyon
Nou pa kwè nan election, poko prè poun pran desizyon
Pouki n pa met tèt nou ansanm pou fout solidè back non
Woy woy woy
Poukisa – yo vle efase istwa nou
Poukisa – yo vle blanchi memwa nou
Poukisa – yo anvayi teritwa nou
Poukisa – yo pa vle nou jwi dwa nou
[Chorus]
[Outro]
Poukisa
Mèsi mon blan
Mèsi pou religion, pèmanant, douko, grèf – Poukisa
Ann chèche idantite’n – Poukisa
Nou refize nou menm – Poukisa
Poukisa, map rele poukisa – Poukisa
Poukisa, Poukisa, Poukisa woy