Ou Kite'm W'ale-Lionel Benjamin

Genre-Bolero
Year-1985
Featuring-Les Frères Déjean
Lyrics By-Lionel Benjamin
[Intro]
Cheri jou nou te renmen an, se te yon jou solèy
Nou tèlman konnen ke moun isit
Renmen fouye bouch yo nan sa k pa gade yo
M’kwè w sonje cheri
Nou fè sèman nou patap kite moun gate renmen nou
Mwen patap janm kwè cheri
Ke yon jou tankou jodi a mwen ta gen pou m di w

[Verse 1]
Ou kite mwen w’ale
Ou chwazi lasosyete, ou bliye lanmou
Lavi w pral dewoule menm jan toulèjou
San sipriz, ni kè sote

[Verse 2]
Ou kite mwen tonbe
San konnen si mwen solid pou m reziste
San konnen si se sou ou m’te apiye
Rasin te gentan pouse

[Bridge]
Te konn wè w menm w pat janm tonbe nan je m
Se nan ‘on bal nou t’al fè yon ti danse
Se nan danse ke kouran an vini pase
E depi lè sa a, kè n ap depale

[Sax solo]

[Bridge]
Dans la vie, gen de dat mwen pap bliye
Gen mizik k’ap toujou met dlo nan je m
Gen de moman, mwen sur k’ap toujou make m
Plas ou toujou la, tounen lè ou vle

[Verse 3]
Ou kite mwen tonbe
San konnen si se sou ou m’te apiye
Kou mwen wè w mwen santi kè m ape rache
Rasin te gentan pouse

[Outro]
Rasin te gentan pouse (rpt)