Supplication-Roger Colas

Genre-Bolero
Year-2023
Cherie mwen vini nan pie ou
M' pa kwe wa repouse mwen
Cherie mwen vini nan pie ou
M' pa kwe wa repouse mwen

Mwen vinn nan pie ou mande padon
Manmi gen pitie pou mwen
Mwen vinn nan pie ou mande padon
Cherie gen pitie pou mwen

Chak fwa m' gade m' we map viv seul
M' sonje moman nou pase
Chak fwa m' gade m' we map viv seul
M' sonje moman nou pase

Ou relem papi m'relew manmi
Penson pat kapab separe nou
Ou relem papi m'relew manmi
Penson pat kapab separe nou

Kounye a ou di ou pa bezwenm anko
Map reziyenm kite sa
Kounye a ou di ou pa bezwenm anko
Map reziyenm kite sa

Si ou vle ale ou met ale
Selman mwen pa ta vle ou regrete
Si ou vle ale ou met ale
Selman mwen pa ta vle ou regrete

Zanmi a dwat zanmi a goch
M'Kwe fok sa te rive
Zanmi a dwat zanmi a goch
M'Kwe fok sa te rive

M'tap palew se te pou bienw
Kom rekonpans ou choute mwen
M'tap palew se te pou bienw
Kom rekonpans ou choute mwen

Men cheri mwen fini pa we tou sa ou renmen
Ou met ale san gade