Port Salut En 1941-Joe Jack

Genre-Bolero
Year-1979
Port salut en 41
Pè bawon, tout moun te konnen l
Yon libera te vin pou chante
Se te pou madam Dumornay
Lè libera vin pou l peye
Pè a deklare, libera monte
2 goud a chak libera
Pè a te vle touche yon dola

2 goud a chak libera
Pè a te vle touche yon dola
Istwa pè Bawon nan Tòbèk
Chak kout zepon l se tèktègèdèk
Yo ba l yon lajan pou klòch
Li pran sa l ale nan banbòch
Lè pèp la soti pou afiche l
Mon pè tèlman emosyonèl
Mon pè tèlman pote l mal
Li kouri l pran kabann lopital
Mon pè tèlman pote l mal
Li kouri l pran kabann lopital
Pawas la ba l 800 goud
Pou kòmande yon nòtredam de Loud
Te genyen konpè Loulou
Ki konn fè bèl stati joujou
Pè a wè stati a bèl
Li pran sa l mete l sou lotèl
Li di fidèl men vyèj la
Sa pi chè
Nou dwe m on kòb anba
Li di fidèl men vyèj la
Sa pi chè
Nou dwe m on kòb anba
Ayyyyy pè Bawon nan Tòbèk
Chak kout zepon l se tèktègèdèk
Istwa pè Bawon nan Tòbèk
Chak kout zepon l se tèktègèdèk
Ayyyyy pè Bawon nan Tòbèk
Chak kout zepon l se tèktègèdèk
Istwa pè Bawon nan Tòbèk
Chak kout zepon l se tèktègèdèk
Tèktègèdèk...
Ayyyyy pè Bawon nan Tòbèk
Chak kout zepon l se tèktègèdèk
Pawas la ba l 800 goud
Pou kòmande yon nòtredam de Loud
Te genyen konpè Loulou
Ki konn fè bèl stati joujou
Pè a wè stati a bèl
Li pran sa l mete l sou lotèl
Li di fidèl men vyèj la
Sa pi chè
Nou dwe m on kòb anba
Li di fidèl men vyèj la

Sa pi chè
Nou dwe m yon kòb anba