Tout Moun Se Moun-Original Rap Staff

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-1990
[Top Alderman]
Tout moun vin tande
MC Top Adlerman pote mesaj sa pou nou
Vin fè nou konnen ke tout moun se moun, tout moun pa menm
E chak moun ka chwazi yon stil ke li vle
Hear me now


[Wolf Cool MC]
Oh ou oh ou oh ou oh oh oh
Ah ou ah ou ah ou ah ah ah
Lese mwen wi
Ou fè-m konnen ke tout sa m' fè pa bon
Ou fè-m konnen ke se pa-w ki pi bon
Lese mwen wi
Aprann konprann ke tout moun pa gen menm gou
Aprann konprann ke tout moun pa gen menm chwa


[Refrain]
Tout moun se moun mwen di tout moun pa menm
Mentalite-n nou oblije chanje-l
Tout moun gen stil mwen di tout stil pa menm
Mentalite-n nou oblije chanje-l


[Top Adlerman]
Souvan mwen ap gade yon seri de moun mal sou stil yo
Eske yo pa gen dwa chwazi yon stil yo wè k'bèl pou yo
Nan stil pa-w lan ou relax, nan pa-m lan w pa vle ban-m vag
Ou dread or beseba, mwen menm mwen fon Hi-Top
Ou pran feeling, li pran feeling, mwen pran feeling, pa gen pàn
Si tout moun te gen menm chwa lemond lan pa tap janm evolye
Ta va gen yon sèl koulè nan tout koulè k' ekziste
Ta va gen yon sèl modèl nan tout rad ke n'ap mete
Ta va gen yon sèl mak machin nan tout machin n'ap woule
E menm de frè ta va gen yon fanm pou yo de
Lamizè kriminalite se sa sèlman k' tap sou pye
Pa gen yon moun ki tap kanpe pou se pa ...............
E yon paran paka fè chwa pou pitit li


[Refrain]
Tout moun se moun mwen di tout moun pa menm
Mentalite-n nou oblije chanje-l
Tout moun gen gou mwen di tout gou pa menm
Mentalite-n nou oblije chanje-l


[Top Adlerman]
La plupart des parents choisissent pour leurs enfants
Et parfois même les obligent à épouser
Une personne qu'ils ont jadis refusé
Ça aboutit souvent à un avenir gâché
Alors parents, il faut qu'vous sachiez
Que le choix d'aimer revient à soi-même


[Refrain]
Tout moun se moun mwen di tout moun pa menm
Mentalite-n nou oblije chanje-l
Tout moun gen stil mwen di tout stil pa menm
Mentalite-n nou oblije chanje-l


[Wolf Cool MC]
Si se sou stil n'ap gade, sa yon moun t'ap fè
Pa t' ap janm genyen vòlè
Patt' ap janm gen eksplwatè
Lepli souvan se yo menm ki pi .....
Lepli souvan se yo menm ki pa gen chans
Se sak fè anpil jèn vle kraze ponpe wi


[Top Adlerman]
Tout fanm se fanm mwen di tout fanm pa menm
Mentalite-n nou oblije chanje-l
Tout moun gen gou mwen di tout gou pa menm
Mentalite-n nou oblije
Gen fanm ki fidèl e gen fanm ki pèlen
Gen nèg ki flannè e gen nèg gwosoulye
Ou renmen yon grimèl li menm li renmen yon black
Ant ou menm ak li menm mwen di mwen pa wè dram
Kisa n'ap di si n' wè yon bèl fanm pran yon nèg lèd
Kisa n'ap di si n' wè yon gran nèg pran yon malerèz
Pa kouri kirtike pou n' di ke entèl pa gen gou
Paske n' pa konn sou ki sans ki jan ke youn renmen lòt
Se menm jan ak yon manman mwen di k' gen twa pitit
Youn gen dwa sot yon doktè, dezyèm lan yon chantè
Twazyèm lan yon engenyè, yo pat fèt pou menm bi
Son kesyon de chwa, a wi, son kesyon de gou
Si frè-m fè yon bagay ki mal pa panse ke mwen kab fè-l
A wi nou frè se vre men nou pa gen menm panse
Mezanmi eseye konnen kijan n'ap diferansye-n


[Refrain]
Tout moun se moun mwen di tout moun pa menm
Mentalite-n nou oblije chanje-l
Tout moun gen stil mwen di tout stil pa menm
Mentalite-n nou oblije chanje-l


[Top Adlerman (Wolf Cool MC)]
Dokté (cheke stil pa-w)
Engenyè (cheke stil pa-w)
Me sing again pastè (cheke stil pa-w)
Footbolè (cheke stil pa-w)
Jah Rastafaria (cheke stil pa-w)
Mwen di tout samba (cheke stil pa-w)
Tout vodouyizan (cheke stil pa-w)
E nou menm ougan (cheke stil pa-w)
Ou pa bezwen gran nèg pou w' fè yon stil ak tèt ou


[Refrain]
Tout moun se moun mwen di tout moun pa menm
Mentalite-n nou oblije chanje-l
Tout moun gen stil mwen di tout stil pa menm
Mentalite-n nou oblije chanje-l