Kimberly-Original Rap Staff

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-1990
[Hook 1]
Kimberly, Adlina pitit fi-m
Poukisa, ou pati aussi vite
Kimberly, w'al viv nan lòt peyi
Poukisa, ou pat tann ou grandi


[Refrain 1]
Orevwa, orevwa, priye Bondye pou li
Si nou pa wè isit kanmenm yon jou na wè anwo
(2x)


[Top Adlerman]
Kimberly pitit fi-m, Adlina ti cheri-m
Imaj ou doudou pap janm arive efase nan vi-m
Regrè ke m'gen anpil, ou potko gen lespri
Ou te wè doudou ki amou papa-w gen pou ou
O Bondye papa poukisa se nan sans sa
Ou ban-m privilèj pou m'chante pou Adlina
O lamò, lamò, lamò, ou mache nan nuit ou mache lajounen
Menm pou Kimberly ou pa menm fon ti frennen
Gad kijan kounye a ou mete-m nan chagren
Mwen te konnen ou la (Nou te konnen ou la)
Men pou Adlina mwen pat atann mwen w'ap vin kounye a


[Refrain 1]
Orevwa, orevwa, priye Bondye pou li
Si nou pa wè isit kanmenm yon jou na wè anwo
(2x)


[Top Adlerman]
Mi little Dada, why you leave me now
It's too early Kimberly fi say goodbye
You come ina dis world, you na spend anpil time
So me wonda if you were feel yourself fine
Why, why instead that I would die
.................................................
That's why everyday me no stop cry
Kim, Kim, O yoyoyoyoy
Dada, A yayayayayay


[Hook 2]
M' pa ka sipòte, o yoyoyoyoy
M' pa ka sipòte, a yayayayay
(2x)


[Refrain 2]
Kimberly ale m' pa konn kote li ye
O Bondye papa m' mande-w pou w' pran-l ak tout bra-w
Pitit fi-m lan mouri m' pa konn sa l' devni
O Papi cheri, m' mande-w pou w' sove nanm li


[Chorus (repeat ad-lib)]
Sove nanm li, sove nanm li