Kenbe La-Freedom

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2011
Lyrics By-Christopher "Freedom" Laroche
[Intro]
Wo oh oh oh oh
Kenbe la
Wo oh oh oh oh
W’a kenbe la, wa kenbe
Wo oh oh oh oh
W’a kenbe la, wa kenbe la
Ah ah ah ah ah

[Hook]
Kenbe la, kenbe la, kenbe la,
Kenbe la fanmi
W’a kenbe la, Bondye la
Kenbe la, Bondye la fanmi

[Verse 1]
Yon sèl bagay ke n oblije reyalize la
Nou se fanmi pitit Bondye fòk nou kenbe la
Nenpòt sa k vini ansanm nou pa ka lage
N’ap rive kote nou prale
M’ap priye cheri maten solèy pa leve la
Klere sou peyi m, gade fwi nou te plante la
Depi mwen fèt mwen konnen ke li pral chanje
E se nou ki pral fèl chanje
Yon sèl vizyon, yon sèl lanmou, yon sèl fyète sa
Pou Ayiti sispann soufri an n netwaye la
Pou tout site ka evolye re-enspire
Pou pèp Dahomey rekanpe

[Hook]

[Verse 2]
Tout reve ke on jou Ayiti rebati
Nou tout bezwen solidarite pou jwi lavi
Nou tout se menm, pa jije m ede mwen chanje
Ede m pwogrese, ansanm n’a rive
W’a kenbe menm, m’ap ede w leve si w tonbe la
Pa kite l koule nan lanmè, ede l naje la
Pitit Bondye oblije manje,
Ede l twouve on kote li ka evolye

[Hook]

[Bridge]
Wo oh oh oh oh
Kenbe la
Wo oh oh oh oh
W’a kenbe la, wa kenbe
Wo oh oh oh oh
Kenbe menm, m’pap janm lage w
W’a kenbe la, wa kenbe la
Ah ah ah ah ah
Ansanm se nou ki futur a
Kenbe la cheri

[Hook]