Jaspora-Medjy Ayisyen

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2012
Lyrics By-Medjy
[Intro]
Na na non na na non
Jaspora, jaspora
Patriyòt, patriyòt

[Verse 1]
Depi m tou piti mwen di mwen patriyòt
Mwen te nan peyi m epi w voye m nan ‘on lòt
Pou m al etidye, wi manmi m’dakò
Donk ou pa ka di m m’pap tounen ankò
Ou di m tou rete abite
Ou di m f’on fwaye
Mwen tou di w sa, mwen pap rete la OK
Peyi etranje fè m malelve

[Pre-hook]
Chak jou m’fache, m’ape joure
Fredi nan dada m, taks nan dada m
Depi nan airport la vakabon ape rele m jaspora

[Hook]
Tanpri pa rele m jaspora
Bagay sa a nève m - jas jas jaspora
O sa k gen la a blan? Jaspora
M’nwa pase chabon - jaspora
Jaspora tanpri pa rele m - jasora
Bagay sa a nève m - jas jas jaspora
Ou ta di s’on jouman - jaspora
Nan kisa m’pran la a?

[Verse 2]
Mwen konprann ou ka anvi ke pitit ou g’on pi bèl avni
Pase l’ap brase nan peyi Dayiti, men fò l vin met ‘on men tanpri
Fò l vin travay, fò l vin konstri kay
Men lè li rive nan airport la, fyete l papye l sou do l
Tanpri pa rele l jaspora

[Hook]

[Verse 3]
Woy, fè frèt m’gen maltèt
M’ta desann lavil m’al manje ‘on ponmkèt
Mezanmi pwoblèm pwoblèm pwoblèm
Pwoblèm pwoblèm pwoblèm
M’gen nostalji chak jou Bondye beni
M’ap tande bèl ti mizik sou Ayiti
Mezanmi pwoblèm pwoblèm pwoblèm
Pwoblèm pwoblèm pwoblèm
Peyi etranje fè m malelve

[Prehook + Hook]

[Verse 3]