Yon Ti Pa-Enposib

Genre-Konpa
Year-2012
[Verse 1]
Se jan m gade w, jan m’konnen w ki ka fè m wè
Jan m’renmen w, jan m’damou w, jan mwen fou pou ou
Ou genlè pè lanmou, se pou sa w pa ka di m ou renmen m
Ou damou m, e ou fou pou mwen
Chak fwa m’oblije jwe yon ti jwèt damitye
Jan m’tande jan yo di m, jan m’wè tout moun fè
Detanzantan mwen ba w de ti kout je montre w m’enterese

E se konsa m fè...

[Hook]
Yon ti pa, de ti pa
M’ap pwoche pi pre zòn ti kè ou a
Menm si ou te di ke zòn sa a kaba,
Pi bon zanmi m rele lespwa
Yon ti pa, de ti pa
M’ap vale teren san li pa wè sa
Tankou yon ti zouk tankou ‘on bon konpa,
M’ape prese met kè m opa

[Verse 2]
Se prens charman w ki degize an zanmi w
Degizman m tèlman fen se rezon k’ fè w poko dekouvri m
Ou se tout sa ki mwen te vle, kè m te reve
Men cheri se san ou ke mwen pa ka viv
Sou tèt mon Boutilye lalin g’on katye l’pral ouvri
L’pral ba nou, l’pral souri ba nou
Sou chak pa nou, flè gen pou donnen
N’pral montre lanmou kijan de moun renmen

[Hook]

[Bridge]
Ti jwèt lanmou sa a fini, santiman yo pi fò
Tout sakrifis bouji limen, mwen rele tou le sen
Men mwen te chwazi pou n fè yon vi
Avèk ou menm sèl cheri

[Keyboard solo]
Enposib…
Alo m’pap tuip mwen menm
Ayiti men djaz ou

E si m’ap tonbe, pa kenbe m kite m tonbe damou
E si w’ap kenbe m, sèl jan pou kenbe m se nan bra ou
Kenbe m kenbe m cheri

[Hook]
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016