Mete May-Enposib

Genre-Konpa
Year-2016
[Verse 1]
Cheri kase bwa nan zòrèy mwen fè m santi tout sa m ta fè
Met pawòl chita nan fyèl, retire lide anmè
Kite nan bouch an m, ki kole nan tèt an m
Fò w ta fè mwen repran nanm
Cheri kase bwa nan zòrèy mwen, fè m santi tout sa m ta renmen

[Hook]
Met pawòl sou mwen
baby si w gen may pa ezite ban mwen
gade m nan je di m sa w pa genyen
mete may, mete may
[Verse 2]
mwen ta renmen w mete w nan plas mwen
mete w alèz bwè de vè kleren
hey baby - hey baby, hey baby
pawòl tafia w a koule sou mwen
si w ta fè mwen kwè m ta vole
m a pran elan mwen mayigate
hey baby - hey baby, hey baby
pale pale w manman pale pale ou
tout sa w ap bay – tout tout
nenpòt ki manti l ta ye – tout tout
cheri w mèt banm kenbe l – tout tout
fè m santi m kite

[Hook]
[Verse 3]
manman koute, ou gen w mòd ou kenbe men m
m santi w bezwen m
ou gen on mòd ou karese m, m santi w renmen m
men may sa, ti bwa sa w ap kase nan zòrèy mwen an
m renmen l a mò
[Keyboard]
Oh oh oh oh
M renmen l a mò
[Chorus 2]
Cheri pase mwen nan tenten M pa di sa pa di m anyen
Gen jou chasè tounen jibye gen jou dife brile ponpye
Cheri pase mwen nan tenten M pa di sa pa di m anyen
Lavi a se jou va jou vien, jodya se tou pa mwen
[Verse 4]
M ap ouvè kò m kòmsi sa pa fè m anyen
Men bagay sa te kraze kè mwen
Si m te ba nou bon story a, ou tap wè jan kè m te fè zenglen
Li ban m blòf sou blòf, blòf sou blòf, m pat konnen gen moun fò ke mwen
Pou janm bay may nan lari a, pa enkyete nou mwen peye sa