Oganizasyon Mondyal-Manno Charlemagne

Genre-Other
Year-2010
Oganizasyon mondyal yo pa pou nou yo ye
Sa la pou ede volè yo piye devore
Lè pèp ki lan di pran fizi yo konnen yo bouke
La medsin entènasyonal sa a met kò l sou kote

[1]
Yo fè reyinyon yo pale yo ranse
Devan vè chanpay bon diven k enpote
Se la sa rete
Lè pèp anba zam tout peyi tout kote
Mwen renmen tande zòt k ap analize
Lè l pa konsène lè l pa konsène
Tout sa moun pa vle tande se verite li ye
Reyaksyonè soudevlope yo sa pi danjere
Le enterè yo menase se yo k toujou rele
Tout fòs entevansyonis yo pou pèp ki soulve

[2]
Laklas dominant entelijan ke l ye
An prensip konnen ke l an minorite
L konn ki jan pou l jwe
Pozisyon de klas li se sa ki konte
La fè lenposib la kraze la brize
Pou l elimine ti moun ki lan ze
Nap goumen jouk mayi mi jouk tan nou libere
Pran konfyans lan lit lòt pèp yo ki pa pè tonbe
Delivrans yo se jefò yo lan san ki ap koule
Grenn doktè ta vle preskri yo voye sa jete

[3]
Nap voye oun sali pou tout pèp k ap lite
Anpil konpliman pou tout moun ki tonbe
Pou kòz libète
Pou chyen ayisyen k ap di yo kiltive
Kape fè komès ak mizè refijye
Lan inivèsite nou voye oun plòt krache
Lan inivèsite nou voye oun plòt krache
Lan inivèsite nou voye oun plòt krache