Yon Ti Chante-Netty

Genre-Other
[Verse 1]
Yon ti chante pou tout moun k’ale kite’n
Yon ti chante pou tout moun nou te renmen
Nap kontinye renmen
Yon ti chante pou tout moun kape soufri
Yon ti chante pou tout moun ki domaje
Ti moun ki òfelen
Madanm ki san mari
Mari ki san madanm

[Refren]
Yon ti chante
Yon ti chante pou seche dlo nan je’n
Yon ti chante pou’n kontinye viv la vi’n
Yon ti chante pou’n met renmen nan kè’n
Yon ti chante
Yon ti chante pou’n aprann pataje
Yon ti chante pou’n aprann viv ansanm
Yon ti chante pou fè nou souri

[Verse 2]
Yon ti chante pou tout moun chita pale
Yon ti chante pou tout moun rakonte kisa yo te viv
Yon ti chante pou fè nwa manti kaba
Yon ti chante pou limyè verite gaye
Gaye nan tout konsyans
Ak konsyans la rebati yon lòt Ayiti

[Refren]

[Verse 3]
Yon ti chante pou nou tout fè meyakoulpa
Yon ti chante se pa lè nou nan lamè
Pou nou tout ap ede lòt
Yon ti chante pou gro je ak manfouben fini
Yon ti chante pou nou di mèsi Bondye
Si nou la nou gon’w misyon
Nou dwe gon’w lòt visyon
Pou tout moun k’ale kite’n yo
Pa ale kite’n pou anyen

[Refren]

Yon ti chante (Repeat)