Bèl Tifi -Talie

Genre-Other
Year-2013
Produced By-Poppy Duverne
[Verse]
Bèl tifi lè Bondye t'ap kreye w
Se avèk de men li te fòme w
Bèl tifi ou koute moun k'ap pale w
Pou ou pa satisfè ak jan ou ye
Ou gen de je pou wè klè
Yon bouch pou pale la verite
'On lespri pou sajès
Zòrèy pou koute ak senserite
De je pou wè klè
'On bouch pou pale la verite
'On lespri pou sajès
Ak yon kè pou eme

[Chorus]
Ou briye plis ke zetwal nan syèl, se vre
Prezans ou dous pase bon van kape soufle
Cheri pa kriye, bote w se andan w li ye
Pa kriye
Woyo oh wo

[Verse]
Bèl tifi lè w gade w nan glas
M'a di w kisa ou wè
Ou twouve po w twò fonse
Cheve w twò rèd
Hanch ou twò laj
Cheri koute
Po w fonse kou chokola
Cheve w kanpe tankou branch pye bwa
Hanch ou laj pou pote chay
Chay doulè lemond ka bay
Leve kanpe pou ka mache
Kenbe la, pa dekouraje
Ou g'on trezò lajan pa achte: wi, yon kè ki eme

[Chorus]
Ou briye plis ke zetwal nan syèl, se vre
Prezans ou dous pase bon van kape soufle
Cheri pa kriye, bote w se andan w li ye
Pa kriye
Woyo, woyo

[Bridge]
Ou briye plis ke zetwal nan syèl, se vre
Prezans ou dous pase bon van kape soufle
Cheri pa kriye, bote w se andan w li ye
Pa kriye
Bèl tifi, pa kriye
Jolie petite fille, pa kriye

Pretty little girl (rpt)

[Outro]
La da da da - Pa kriye
La da da da - Pa rele
Ou g'on kè pou eme, men fò w kòmanse pa ou
Pa kriye
Wi yon kè pou eme, men fò w aprann renmen ou
Pa rele