Paske’m Se Ayisyen-Baky

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2012
Lyrics By-Baky
[Verse 1]
Paskem black, epi kòm cheve’m gon tèt grenn
Neg yo bat pou yo vin achevem kon chèf gang
Yo wè’n tankou son pèp kap tete bèf plenn
Se kèk grenn nan yo ki aksepte’n son pep brain.
Yo fe’n kwe, depiw se ayisyen ou kondane
Depim fèt m pa raple kem te pase yon bon ane
Em pwopane bon pawol, nom granmet la’m pa profane’l
Malgre tou, espwa peyim ap toujou vann nan fo panye
Kesyon de pov rich, bo isit yo pa egalize
Menm papye leta siyen, wap tandel pa legalize
Nou ba yo twop nich, se riches nou yap devalize
Nou mize sou bel pwomès jamè ki pap reyalize
Yo pwomet respect, money, support,love and peace
Men fok tout ayisyen jwenn, se pa selman pou Vorbe&Fils
Please, se pa yon rezon pouw imilyem lew wew gen plis
Depiw fet isit yo pa bezwen konnenw pou wew gen vis.

[Refren]
Paske’m se Ayisyen, map mennen yon vik dwol
Wi’m pov, men pa panse sa vle dim sot
Paske, entenasyonal pansem gen mine d’or
Poutan ou vle fem konnen kem kondane poum viv pov
Wi’m se Ayisyen
Pa pranm pou sam pa ye
Avanw ouvè bouch ou, tache konn sa’m pale
Pou saw fèm, fow ta chache konn sam pare
Se oeil pou oeil, dent pou dent, konsam kare

[2eme verse]
Paske’m se ayisyen, lot nasyon gadem pou sam pa ye
Mach’ak valiz sou dom, yo te gentan konn sam pare
M se denye ma, chyen so, m pase pou lobey
Ki mele yo dosyem plen sceau, m pase kou kobey
Defwam mande Bondye, nen peyim poul banm yon Bin Laden
Pou lot nasyon kap imilye’n yo’n tap montre yo’n plen Black dingues
Damn, yo tap konn sak rele le nasyon jwenn ak clang
Menm tap plen gang gang bang, ou tap jwenn kap plenn
Se plan okupasyon, neg sa yo ap trase nan papye yo
Pou nenpot okazyon, yap pranw yap pasew anba pye yo
Thug pa gen respe, y’oblije kache nan katye yo
Yap fe konbinezon, fason yap chache pou ka tiye yo
Le Ayisyen plante, men se etranje ki jwenn recolte yo
Eske pou nenpot koi noblije femen pot lekol yo?
Le se maladi, menm sa ki pre’n yo, tout wet ko yo
Pou mal peyi pase, Ayiti tap bat tout record yo

[Chorus]

[Verse 3]
Wi’m se Ayisyen, yon pèp kom tout lot
M bezwen konnen ki lè map sot nan trou grotte
Anh! Poum evite pran kout kod, pran kout botte,
Poum sispann gad lot nan twou pot
Paske God la vlon etat fort
Menm sil dil an metaphore
Fow chache konprann pwiske jamel pap dil nan megaphone
Te male sa se lal fow
Fe valèl, fow ret ak kèw
Fow ret ak frèw
Fiertel ap fèw
Rejwi, pwiskew se met afèw
N’ son pep tou, pen saw pap manjel chech, pwiske’n gen bè tou,
lirik n’ap pwopaje, wap toujou vle pouw femen bèk nou,
w’ plen tet nou,
w’ panse’n pa tap konprann nan mitanw te gen trèt tou,
fasonw t ‘ape chache pou pep avèg sa vin plen kèt ou.
Tet kale! Pran san’w ou pa gen dwa pè pale
Nou bouke redi, kounya li lè li tan pou pèp pale
Le pep fache, n’ pran youn, lap kole la
Apa sak di lap vin edem poutan se lik banm kolera
Lèw son pèp k’endepandan, mwen di se ouk met tabliyew
Wi lajan rele pe djol, ou met fè krim, leta bliyew
Gade kob peyim lan red nan poch ou
Manje manje pèp sa’m garantiw lap ret nan goj ou.

[Chorus]