Tounen Souple-BIC

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2012
Featuring-Mandela
Lyrics By-Mandela Jean François & Roosevelt Saillant
[Intro]
Yo just tande melodi a yo mande kiyès ki la
Pòtòprens, Pòdepè – BIC, Mandela

[Verse – Mandela]
Si w wè mwen pa kriye, konprann mwen se kè m ki sere
Pou jan w leve w’ale san w pa di mwen kisa k pase
M’pa konn kilè n’a rankontre ankò
Devan lanmou pa janm gen rezon ni tò (Oh gosh)
M’toujou la bò kote w, m’pa janm lage w yon jou
Bon tan kou move tan, m’te toujou la pou m di w bonjou cheri

[Chorus]
Bagay sa a fè m mal, m’santi l pa nòmal
Tounen vin jwenn mwen souple cheri

[Verse – Mandela]
M’sonje lè n te kontre, tout bèl pawòl ki te konn pale
Mwen ak ou nou te jire pou nou pat janmè separe
M’te konn rele w manmi, ou te konn rele mwen papi
Men jodi a ou pa menm konsidere m tankou yon zanmi
Ou soti pou kase kè mwen, ou bliye si w se kado mwen
Eske w sonje lè fanmi w zanmi w pat vle ou pou mwen
Malgre sa yo te fè yo di pou mwen pa janm anyen
Jodi a m leve w’ale, m’espere yon jou ankò n’a kontre cheri

[Chorus]
Bagay sa a fè m mal, m’santi l pa nòmal
Tounen vin jwenn mwen souple cheri

Yo just tande melodi a yo mande kiyès ki la
Pòtòprens, Pòdepè – BIC, Mandela

[Rap – BIC]
Woy sa boule boule, m’pat kwè m’ta ka dekole
M’potre yon karateka ki pran nan yon depyekole
De pye m nan yon gren soulye
Espwa m se sou ou li ye
Antouka, gen yon bagay ke mwen souliye
Viv a de se pa yon bagay ki fasil ditou ditou
Kè yon fanm se yon bagay ki frajil, m’aprann sa tou
Si m fè betiz, konprann mwen se lòm
M’ap goumen pou m pran metriz, pran fòm kòm
Antretan, m’ape mande w pou pa kite m
M’ap soufri men se rezilta stipidite m

Oh, sorry cheri, padone m

[Chorus]
Bagay sa a fè m mal (Mwen santi m’bouke)
M’santi l pa nòmal (Non mwen pa ka kenbe cheri)
Tounen vin jwenn mwen souple cheri