Amen-Baky

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2018
Produced By-Pipo Beat
Lyrics By-Baky
[Chorale - F-Mack]
Gras ou se sa ke map chache
Limyè ou, klere m pou m avanse
Pranm anba zèl ou, kache m kont mechanste
Netwaye tout peche m
Banm chimen verite
Fèm tande vwa ou
Oh Bondye (Bondyeee)
Mwen vin nan pye ou
M vle viv lavi mwen selon volonte w
Pran menm pou m swiv ou
Pou m fè sèvis ou
Mwen vle w gide m nan chimen verite

[Verse]
Chak fwa lèzòm ta vle zonbifye m
Ou lonje bra w pou w pranm Menm nan flanm dife
L Éternel est mon Berger, que ton regne vienne
et que ton nom soit Sanctifié
M gen tout rezon m map swiv ou si fyè
Ou k kanpan fas lanmò ou kraze simityè
Ou banm yon micro kòm baton
ou banm Vwa poum pale epi w di m al konbat lisifè
Map avanse ou devanm dèyè w
Baton an nan menm pa gen anyen m pè
Gran Kreyatè, Dieu de Moise, Yo vle bare m
men lè m site non w pa gen anyenm wè
Map kite Gras ak pouvwa’w desann sou mwen
benyen’m ak lespri’w pou prosperité
Fèm fè siksè nan lavi’m,
e pou chak grenn Obstak vin tounen Opotinite
Amen