Kite'm Viv-T-Vice

Genre-Konpa
Year-2006
[Intro]
Men pawol la, men koze'a (2x)

[Verse 1]
Gen sak monte epi'k desann men je nou la (Nou we yo)
Ge sak klere epi'k blaze ak bon linèt nou (Gade yo)
T-Vice kote ou ye ou menm (Anlè'a)
Se pou tet sa tout tan ap akize'n, ap kondane'n.
Ane vini ,ane ale nou toujou la (Nap mache)
Malgre pwoblem difikilte fanatik yo (Pa lage)
Yo di nou gen fòmil lari a (Nan men nou)
Nou pa jennen pèson
Nou anvi viv, men kite'm viv ayy

[Chorus]
Lavi'n se yon istwa, tout tan'n se la bet nwa
Paske nap fe dola, e'n pa nan sak pa sa. (Bis)
Nou pa dwe tout la jounen non'n ap site woyy

Men Pawol la, Min koze'a (2x)
Mòye kite djaz la viv ahh

Kite'm viv ohh (Chorus)
Kite’m kale dada’m

Fanatik eske’n dakò? Non'n pa dako'n pa dakò
Nap kite sa pase? Non'n pa dako'n pa dakò
Eske’n dakò? Non'n pa dako'n pa dakò
Si’n pa dakò manifeste. Non'n pa dako'n pa dakò

Ay nou pa fout dakò - Rele anwey
Si’n pa dakò – rele anmwey
Manifeste – rele anmwey
Rele anmwey (3x)

[Guitar Solo]

Si se pat pou Bondje
Kote'n ta ye nan lavi sa a, nan lavi sa a ea!
(2x)

Kote'm taye –
Gras a dieu mwen la – kote’m ta ye
E map toujou la – kote’m ta ye
Paske non Bondye – kote’m ta ye
Se yon bagay sakre – kote’m ta ye
Yo reve wèm tonbe – kote’m ta ye
Men sak fè m’ pa janm tonbe a
Woy men groove lari a

[Guitar solo]

Tèt yo cho, tèt yo choo
Tèt yo cho - Tèt yo cho
Yo wè nou dedouble - Tèt yo cho
Djaz la anraje - Tèt yo cho
Sou eastern parkway - Tèt yo cho
Gad kijan tèt yo cho - Tèt yo cho

Ou pa wè tèt yo cho - Tèt yo cho
Vire konpa

[Keyboard solo]

T-vice stronger than ever monchè
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016