Pap Sa Bliye Ou-Shedly Abraham

Genre-Konpa
Year-2011
Featuring-Stanley Toussaint
[Verse 1]
Lè fon kè w tap deklare m
Se tankou anpil zetwal ki te eksploze
Lanmou w blayi nan kè m tèlman
Li okipe twaka nan mwen
Li tèlman rasine
Pa gen pèson ki ka fè m kache l
Si ou pa kwè m cheri wa louvri kè m wa wè

[Chorus]
M pap sa bliye w
W ap toujou nan kè m
M pap sa bliye w – jan nou te renmen
M pap sa bliye w
W ap toujou nan kè m
M pap sa bliye w – jan nou te damou

[Verse 2]
Malgre tout sa ke w fè m pase
Nou toujou rekonsilye
Menmsi nou pa janm retounen
Lanmou m pou ou pap detounen

[Chorus]

Pa gen pèson ki ka fè m kache l
Si ou pa kwè m cheri wa louvri kè m wa wè
Lè lanmou nou an kòlè
Pa gen pèson ki ka anpeche l
Si w ta vle refwadi l
Fò w ta gen chans pou w rechofe l
Si w ta mande m yon ti lanmou
Fòk li pa ta manke anyen
Si m ta ba ou li a mwatye sa son lanmou an aparans

[Chorus]

[Keyboard Solo]

An nou an nou rete damou
Pinga n pinga n janmè kite
An nou an nou rete damou

Mwen pat fè w sa pou m fè w lapenn
Wi m twonpe w fò w padone mwen
An verite mwen pap rekòmanse

An nou an nou rete damou
Pinga n pinga n janmè kite
An nou an nou rete damou
Damou pou tout lavi

Se vre lanmou ka fè ou fou
Tankou joujou met ajenou
An verite eheh
Mwen pap rekòmanse

An nou an nou rete damou
Pinga n pinga n janmè kite
An nou an nou rete damou
Damou pou tout lavi
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016