Wè Mwen-K-Dans

Genre-Konpa
Year-2014
Wè mwen
Lalalalala

[Verse 1]
Gen mizè pou jèn gason kè w pap ka jere de tout fason
Gen bagay ou pap fè pou fanmi w, men ou pare pou fè l pou yon fi
Poutèt fi sa a mwen ale legliz, sa evite m fè anpil betiz
Tout kote li ye nan tout lari, kou solèy mwen santi m'ta kouvri l
Pou li m fè anpil sakrifis, sa vin fè mwen renmen l pi plis
Bondye retire m nan supplice

[Chorus]
Mwen fè tout sa m'kapab pou m montre w jan m'renmen w
Men m'wè nan je w, se kòmsi m'pat egziste
Oh oh, wè mwen
Cheri, wè mwen
Tanpri vire gade m, wè mwen
Mwen ta leve yon montay pou ou
Hey, wè mwen
Cheri, wè mwen
Tanpri vire gade m, wè mwen
M'ka travèse yon ocean pou ou

Wè mwen

[Keyboard solo]
Epi lage l pou yo
K-Dans
Oh oh oh
Lalalalalala

[Verse 2]
Egzamen m rive mwen pa prepare
Poutan depi li bezwen m mwen toujou pare
Men li pa janm banm espwa menm yon sèl fwa vwa n a swiv yon sèl lwa
Cheri ou konnen kijan mwen renmen w
Mwen fè tout sa m konnen pou mwen kenbe men w
Ou pa janm ban mwen yon souri ki ka fè mwen rejwi

[Chorus]
Pou sakrifis mwen fè pou ou
Menm si ou di w pa bezwen mwen
Ou mèt kwè mwen, lanmou pap chanje

[Keyboard solo]
Gad'on lavi
Oh oh oh

[Chorus]
Pou sakrifis mwen fè pou ou
Menm si ou di w pa bezwen mwen
Ou mèt kwè mwen, lanmou pap chanje

[Outro]
Mwen fè tout sa m'kapab pou m montre w jan m'renmen w
Men m'wè nan je w, se kòmsi m'pat egziste