Touman-K-Dans

Genre-Konpa
Year-2000
lala,lala,lala,lala

Bon Dye deside, ke lè a rive
Yon jou apre midi l voye chèche ou
voye cheche'w cheri
sa pat pran lontan
M pa menm kwe l te pran yon minit
Ou pat menm gen tan vin dim ke ou prale
Lè n te fè seman cheri
Ke se lanmo k pou separe n
Mwen pat janm panse ke se bonè konsa li ta rive
nan plan pa m se mwen k pou t al anvan

malgre tout touman, ak konplikasyon
kan menm nou te fon jan n dire 20 tan
Sel konsolasyon m, se souveni ke mwen genyen
Kap rete ave m pou tout lavi m

E si se konsa bondye
vini li retire ou nan men'm
mwen konnen lap ban m kouraj
Pou m kontinye sa n'komanse
Konsa lanmou'n ap dire pou tout tan
konsa lanmou'n ap dire pou tout tan(2x)

Nou de se te yon bèl istwa
Ki pat dwe fini konsa
Li te dwe kontinye ale tout tan

men pou kisa
pou sate pase konsa
mwen pap janm ka fin'n dako
pou m leve le maten e ou pa la
di m sa ou vle
Nou de se t'on melodi
Ke tout moun te dwe chante
Li te dwe kontinye ale tout tan
Love an mwen

ou,ou,ouuuuuuu

love an mwen se ou mwen vle
Love an nou se li'k fe m viv
Love an nou se li'k mete soley la jwa nan ke'm
Se li ki ban m lespwa(2x)

ou,ou,ouuuuuuu

Cheri di mwen
Se kè m kap rache, se kè m kap chire
Cheri ou sou kè mwen, sou kè mwen

Love an mwen, love an mwen
love an mwen se ou mwen vle
love an se li'k fe'm viv
love an nou se li'k mete soley la jwa nan ke'm
se li ki ban'm lespwa
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016